YouVersion Logo
Search Icon

Mat 16

16
Kèk moun gen dout sou otorite Jezi
(Mak 8:11-13; Lik 12:54-56)
1Farizyen yo ak Sadiseyen yo te pwoche bò kote Jezi, yo te vle pase Jezi yon tès. Yo mande li pou l fè yon mirak ki bay prèv Bondye avè l.
2Jezi reponn yo: “Si nou wè syèl la tou wouj lè solèy pral kouche, nou di l ap fè bon tan. 3Nan maten, si nou wè syèl la yon jan sonb, nou di jodi a l ap fè lapli. Nou ka gade syèl la epi nou konnen ki tan li pral fè. Poutan, nou pa menm rive konprann siy ki gen rapò ak nou menm jodi a. 4Se sèlman moun ki mechan ak moun ki plen peche k ap mande Bondye mirak. Men yo p ap jwenn lòt mirak eksepte mirak pwofèt Jonas#16:4 Jonas Yon pwofèt nan Ansyen Testaman an. Apre l fin pase twa jou anndan yon gwo pwason, li soti deyò vivan. Lè sa a, li pati ale nan lavil Niniv pou l te pote yon avètisman Bondye te ba li pou bay yo. Menm jan an tou, Jezi te gen pou l soti nan tonbo a vivan nan twazyèm jou a, sete you siy pou pwouve mesaje li te soti vrèman vre de Bondye. la y a jwenn.” Apre sa Jezi vire do li, l ale fè wout li.
Disip Jezi yo mal konprann li
(Mak 8:14-21)
5Jezi travèse lak la avèk disip li yo. Yo te bliye pote pen. 6Apre sa Jezi di yo: “Fè atansyon ak ledven Farizyen ak Sadiseyen yo.”
7Yo te kòmanse ap fè diskisyon ant yo. Youn t ap di lòt: “Se poutèt nou pa pote pen ki fè l ap di sa.”
8Jezi te konnen sou kisa disip yo t ap pale. Konsa li di yo: “Fwa nou piti! Pouki tout pale sa yo sou koze pen?” 9Èske nou pako konprann toujou? Oubyen èske se bliye nou gen tan bliye lè m te bay 5,000 moun manje ak senk pen? Konbyen panye nou te pote tounen? 10Èske nou gen tan bliye m te bay 4,000 moun manje ak sèt pen? Konbyen panye nou te pote tounen? 11Kòman nou fè pa ka konprann mwen p ap pale sou pen lè m di nou: fè atansyon ak ledven Farizyen yo ak Sadiseyen.
12Se apre sa yo vin konprann Jezi pa t ap pale yo de ledven pou fè pen, men se de ansèyman Farizyen yo ak Sadiseyen yo.
Pyè konnen kilès Jezi ye
(Mak 8:27-30; Lik 9:18-21)
13Lè Jezi rive nan zòn Sezare Filip, li poze disip li yo yon kesyon: “Ki lès nou tande yo di mwen ye, mwen menm Pitit Lòm nan?”
14Yo reponn li: “Gen moun ki di ou se Janbatis. Gen lòt moun ki di ou se Eli. Gen yon lòt gwoup ki di ou se Jeremi oswa youn nan pwofèt yo.”
15Apre sa, Jezi mande disip yo: “E nou menm, ki lès nou di mwen ye?”
16Simon Pyè reponn: “Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an!”
17Jezi di Pyè: “Simon, pitit Jonas, ou se yon nonm beni. Sa w di la a, yon lòm pa ta ka fè w konnen l. Se sèl Papa m ki nan syèl la ki te ka fè konnen sa. 18Ou rele Pyè ki vle di wòk,#16:18 Pyè … wòk “Pyè”, se fòm grèk pou yon non arameyen “Sefas”, ki vle di “wòk”. Nan Bib la (Eza 51:1-2), menm jan ak nan tradisyon Jwif yo, yo te konpare Abraram ak yon wòk Bondye ta sèvi pou l “bati” pèp li a. Konsa, Jezi ta vle di Pyè se tankou Abraram. Bondye te bay Abraram ak Sara nouvo non epi li fè lwanj pou yo kòm egzanp lafwa pou pitit pitit yo. Menm jan an tou, Jezi bay Pyè yon lòt non (gade nan Mak 3:16) epi li fè lwanj pou l pou gwo pawòl lafwa sa a. pa vre? Enben se sou wòk sa a mwen pral bati legliz mwen an. Menm puisans lanmò#16:18 puisans lanmò Literalman, “pòt Lanfè”. p ap ka gen viktwa sou li. 19M ap remèt ou kle wayòm Bondye a. Bondye nan syèl la ap bay apwobasyon li lè w refize oswa pèmèt yon bagay fèt sou latè.”
20Apre sa, Jezi di disip li yo pou yo pa di moun se li menm ki Kris la.
Jezi di li gen pou l mouri
(Mak 8:31–9:1; Lik 9:22-27)
21Depi menm lè a, Jezi kòmanse eksplike disip yo li gen pou l monte Jerizalèm. Li gen pou l soufri anpil bagay. Ansyen yo ki nan tèt pèp Jwif la, sakrifikatè yo ansanm ak eskrib yo gen pou meprize l epi touye l. Men sou twa jou l ap leve vivan ankò. 22Pyè pran Jezi sou kote pou l rale zòrèy li. Li di li: “Bondye nan syèl la p ap janm pèmèt yon bagay kon sa rive!”
23Jezi fè yon vire sou Pyè, epi l di l: “Rale kò w sou mwen, Satan!#16:23 Satan Se yon non ki vle di “lènmi”. Jezi vle di Pye ap pale menm jan ak Satan. Pa sèvi obstak devan m! Lide nan tèt ou pa gen anyen pou wè ak volonte Bondye, yo plis sou sa lèzòm ta vle.”
24Apre sa, Jezi di disip li yo: “Si yon moun vle swiv mwen, fòk li bliye pwòp tèt li, fòk li pote kwa l epi swiv mwen. 25Nenpòt moun ki vle konsève lavi l kèlkeswa kondisyon an, l ap gen pou pèdi lavi l. Men nenpòt moun ki pèdi lavi l poutèt mwen l ap gen pou jwenn vrè lavi a. 26Ki sa li t ap itil yon nonm pou l ta gen lemonn antye, si l ap pèdi pwòp lavi l? Kisa yon moun ka bay an echanj pou lavi li. 27Pitit Lòm nan gen pou l retounen ak tout pouvwa Papa a, ansanm ak anj yo. Lè sa a, l ap bay chak moun sa yo merite, selon sa yo te fè. 28Nou mèt kwè m lè m di nou: kèk nan nou ki la jodi a va wè Pitit Lòm nan lè l ap vini kòm chèf nan wayòm li a.”

Currently Selected:

Mat 16: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy