YouVersion Logo
Search Icon

Mat 15:21-39

Mat 15:21-39 VKF

Jezi kite zòn kote l te ye a pou l ale nan zòn Tir ak Sidon. Yon dam moun peyi Kanaran, ki t ap viv nan zòn lan, te vin kote Jezi. Li t ap rele Jezi avèk yon vwa byen fò: “Senyè, Pitit David la, ede m non! Pitit fi m lan gen yon demon sou li k ap fè l soufri anpil.” Men Jezi bay dam nan bèl vag. Lè disip yo wè sa, yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: “Tanpri, fè yon bagay pou li pou n ka debarase avè l! Nou bouke tande vwa l, epi kote nou fè li fè dèyè nou!” Jezi reponn yo: “Misyon m limite. Bondye voye m sèlman pou moun pèp Izrayèl yo ki tankou mouton ki pèdi patiray.” Lè sa a, dam nan pwoche pi pre Jezi, li lage kò l atè nan pye li, epi l di: “Tanpri Senyè, ede m!” Jezi reponn li: “Li pa bon pou pran manje ti moun yo voye bay chyen!” Dam lan reponn: “Senyè, ou gen rezon! Men, chyen yo ki anba tab la, konn manje ti moso manje ti moun yo ki tonbe atè sot sou tab mèt yo.” Jezi di dam nan: “Madanm, ou gen yon lafwa ki san parèy! Se pou sa w mande a rive jan w swete l la!” Menm lè a, pitit fi dam nan te geri. Jezi kite kote l te ye a, li ale bò lak Galile a. Li monte sou yon mòn, li chita pou l te kapab anseye. Yon gwo foul moun te reyini. Nan mitan foul la, te gen moun ki bwate, moun ki avèg, moun ki enfim, moun ki bèbè, ak tout lòt kalite maladi. Yo te depoze yo nan pye Jezi. Li te geri tout, san manke youn. Moun ki te la yo te sezi anpil lè yo wè bèbè yo pale, enfim yo geri, bwate yo ap mache dwat, avèg yo wè. Lè sa a, yo pran fè louanj Bondye pèp Izrayèl la. Jezi rele disip li yo, epi l di yo: “Mwen santi kè m fè m mal pou moun yo. Sa fè twa jou depi yo la avè m, epi kounye a yo pa gen anyen pou yo manje. Mwen pa vle voye yo ale konsa, pou yo pa tonbe feblès nan wout.” Disip Jezi yo di l: “Kote nou pral jwenn pen achte nan peyi pèdi sa a pou n bay tout kantite moun sa yo manje?” Jezi mande yo: “Konbyen pen nou genyen?” Yo di li: “Nou gen sèt pen ak kèk ti pwason.” Jezi mande moun yo pou yo chita atè a. Apre sa, li pran sèt pen yo, ak ti pwason yo. Li di Bondye mèsi. Li kase yo, epi li bay disip li yo pou y al distribye bay moun yo. Tout moun yo te manje vant deboutonnen. Lè disip yo ranmase moso moun yo pa t ka manje ankò, yo jwenn sèt panye plen rabouch. Te gen 4,000 moun ki te manje jou sa a, san konte medam yo ak ti moun yo. Apre Jezi fin voye tout moun ale, li monte nan yon bato pou l ale nan zòn Magadan.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy