YouVersion Logo
Search Icon

Mat 13:1-33

Mat 13:1-33 VKF

Menm jou a Jezi deplase kite kay kote l te ye a, l ale chita bò lak la. Epi yon foul moun te vin rasanble bò kote l. Konsa Jezi monte nan yon bato li chita. Foul moun yo te rete sou rivaj la. Epi li te sèvi ak parabòl pou anseye yo anpil bagay. Li di yo: Te gen yon plantè ki t al nan jaden pou simen grenn. Pandan l ap simen grenn, kèk grenn tonbe bò chemen an. Zwazo nan syèl vini, yo manje grenn yo. Yon lòt pati nan grenn yo tonbe sou karyann, kote ki gen yon ti gras tè. Grenn yo jèmen byen vit, men plant yo pa t pran anpil tan pou yo mouri, paske tè a pa fon ase pou rasin yo antre. Konsa lè chalè solèy la te frape sou plant yo, yo te mouri paske yo pa t gen bon rasin. Yon lòt pati nan grenn yo te tonbe nan touf pikan. Yo leve, men pikan an toufe yo. Yon lòt pati nan grenn yo tonbe nan bon tè. Gen ladan yo ki bay donn 30, 60, ak 100 fwa plis pase sa plantè a te simen an. Moun ki gen zòrèy pou tande, tande! Disip Jezi yo pwoche bò kote li epi yo di li: “Pou kisa ou sèvi ak parabòl pou pale ak moun yo?” Jezi reponn yo: “Bondye fè nou gras pou nou konnen tout ti sekrè wayòm syèl, men yo menm yo pa jwenn opòtinite sa a. Nenpòt moun ki jwenn bon konprann kounye a gen pou yo jwenn plis pase sa yo gen bezwen. Men, nenpòt moun ki manke bon konprann ap gen pou yo pèdi menm ti sa yo te genyen an. Se poutèt sa, m ap pale ak yo an parabòl. Konsa, menm lè yo wè, yo pa wè vre. Menm lè yo tande, yo pa ni tande ni konprann vre. Sitiyasyon yo a se yon akonplisman pwofesi Ezayi a: Ou ap koute sou koute, men ou p ap konprann anyen. Ou ap gade sou gade, men ou p ap wè anyen. Kè pèp sa vin tounen zanpoud. Yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande, yo fèmen je yo pou yo pa wè. Si kè yo pa t tounen zanpoud yo ta wè ak je yo, yo ta tande ak zòrèy yo, yo ta konprann, yo ta tounen vin jwenn mwen, mwen ta geri yo. Men nou menm, benediksyon pou nou paske je nou yo wè, zòrèy nou yo tande. An verite m ap di nou: anpil pwofèt ak anpil moun ki fidèl te swete wè sa n ap wè la a. Yo te swete tande sa n ap tande la a, men yo pa t jwenn gras sa a. Men eksplikasyon parabòl plantè a: Grenn ki tonbe nan granchemen an se moun ki tande mesaj konsènan wayòm nan epi li pa konprann li. Dyab la pase touswit li ranmase ti grenn ki te simen an, l ale avè l. Grenn ki tonbe nan karyann nan se moun ki tande pawòl epi ki resevwa l prese prese ak kè kontan. Men kòm li pa kite l pran rasin nan lavi l, nan yon batje mesaj la disparèt. Depi pwoblèm oswa pèsekisyon vini poutèt mesaj la, moun nan retire kò l. Grenn ki tonbe nan touf pikan an, se moun ki tande mesaj la, men sousi lavi ak renmen lajan toufe mesaj la nan lavi yo. Konsa pa gen okenn chanjman nan lavi yo. Grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki tande pawòl la epi ki konprann mesaj la. Yo pwodui yon rekòlt 100, 60, epi 30 fwa plis pase sa ki te simen an.” Jezi bay foul la yon lòt parabòl: “Wayòm syèl la se tankou yon nonm ki simen bon semans nan jaden li. Nan menm nuit la, pandan tout moun ap dòmi, yon lènmi pase simen grenn zèb nan jaden ble a, epi l ale. Lè ble a grandi epi li kòmanse mete grenn, move zèb yo parèt tou. Travayè mèt jaden an pwoche bò kote li, yo di: Mèt, èske se pa t bon semans nou te simen nan jaden sa a? Kote move zèb sa yo soti? Li reponn yo: se yon lènmi ki fè sa. Travayè yo mande l: Èske w vle nou rache move zèb yo? Li di yo: Non! Nan rache move zèb yo, nou ka rache pye ble tou. Kite yo grandi ansanm jouktan jou rekòt la rive. Lè jou rekòt la rive, m a mande travayè yo pou yo koupe move zèb yo, sanble yo fè pakèt epi boule yo. Apre sa, n a sanble ble a pou nou mete nan depo.” Jezi bay foul la yon lòt parabòl. Li di yo: “Wayòm syèl la se tankou yon grenn moutad yon plantè simen nan jaden l. Grenn moutad la se semans ki pi piti, men lè li grandi, li vin pi gwo plant pami legim yo. Li vin tounen yon pyebwa kote zwazo yo ka fè nich.” Li ba yo yon lòt parabòl: “Wayòm syèl la, se tankou ledven yon fi pran li melanje l ak yon gwo mamit farin pou l fè pen. Ledven an fè tout pat la leve.”

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy