YouVersion Logo
Search Icon

Mat 11

11
Janbatis voye poze Jezi yon kesyon
(Lik 7:18-35)
1Lè Jezi fin pale ak douz disip li yo, li kite kote l te ye a. Li t ap mache toupatou nan rejyon Galile a, li t ap bay pèp la ansèyman, epi li t ap preche pawòl Bondye.
2Pandan Janbatis nan prizon, li tande tout sa ki t ap pase, tout sa Kris la ta gen pou fè. Li voye kèk nan disip li yo bò kote Jezi. 3Li voye mande Jezi: “Èske se ou menm ki gen pou vini an oubyen èske nou dwe tann yon lòt?”
4Jezi reponn mesye yo, li di yo: “Al di Jan sa nou wè ak sa nou tande: 5Avèg yo wè. Kokobe yo mache. Moun ki gen lèp jwenn gerizon. Moun soud tande. Moun mouri resisite. Pòv yo tande mesaj Bòn Nouvèl la. 6Benediksyon pou tout moun ki pa gen dout sou mwen!”
7Apre disip Jan yo fin ale, Jezi kòmanse pale de Jan ak foul moun ki te la yo: “Ki sa nou t al wè nan dezè a? Èske se yon pye wozo van t ap souke? 8Non, seryezman! Ki sa nou t al wè pito? Èske se yon moun ki abiye ak bèl rad ki koute chè? M pa kwè sa non! Paske nèg ki abiye chèlbè ak gwo mak rad sou yo se nan palè yo rete. 9Men, kisa nou t al wè menm? Yon pwofèt? Wi. M ap di nou sa: Li plis pase yon pwofèt. 10Men sa ki ekri sou li nan Bib la:
Men m ap voye mesaje m nan devan w.
L ap prepare chemen an devan w.#Mal 3:1.
11M ap di nou sa: Pami tout moun sou latè, pa gen youn ki gen plis valè pase Janbatis. Epoutan, moun ki mwens enpòtan nan wayòm Bondye a gen plis valè pase Janbatis. 12Depi lè Janbatis kòmanse preche pou jis jounen jodi a, wayòm Bondye a ap sibi gwo vyolans. Gen anpil moun k ap sèvi ak lafòs pou eseye kontwole l. 13Depi anvan Jan vini, lalwa Moyiz la ak tout pwofèt yo te gen tan pale sou tout sa ki konsène wayòm nan. 14Konsa nenpòt moun ki kwè sa yo te di a ap dakò Jan se Eli#11:14 Eli Gade nan Mal 4:5-6. ki te gen pou vini an. 15Moun ki gen zòrèy pou tande, tande!
16Ak kisa pou m konpare jenerasyon sa a? M ap konpare nou ak yon gwoup timoun ki chita sou yon plas piblik k ap rele yon lòt gwoup timoun.
17Yo di lòt yo: Nou jwe bon ti mizik sou flit pou ou,
ou pa danse.
Nou chante chan fin eray pou ou,
ou pa menm fè tankou w ta pral kriye.
18Koute! Jan vini, li pa bwè li pa manje menm manje ak tout moun. Yo di li gen move lespri sou li. 19Pitit Lòm nan vini, li manje li bwè menm jan ak tout moun. Yo di li se granmanjè, ak bwasonyè. Yo di li se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun ki gen move renome. Men vrè sajès la ap toujou bay bon rezilta nan aksyon l yo.”
Avètisman pou moun ki rejte Jezi yo
(Lik 10:13-15)
20Apre sa, Jezi te kòmanse repwoche moun lavil kote li te fè plis mirak yo. Lavi yo pa t montre okenn chanjman pozitif. 21Jezi di: “Malè pou nou Jwif nan lavil Korazen, malè pou nou Jwif nan lavil Bètsayida.#11:21 Korazen, Bètsayida Se te de vil Jwif toupre lanmè Galile a kote Jezi te fè anpil irak pou montre otorite l se nan Bondye l soti. Malgre sa, moun yo te refize chanje lavi yo t ap mennen, yon lavi ki pa gen anyen pou wè a Bondye. Si m te fè menm mirak sa yo nan mitan Tir ak Sidon ki se vil payen, bagay la t ap diferan. Yo t ap kwè se Bondye Papa a ki voye m, epi yo t ap chanje lavi yo. Tann dat moun sa yo t ap gentan sispann fè peche. Yo t ap tèlman regrèt peche yo, yo t ap mete rad sak sou yo. Yo t ap chita nan sann pou montre toutbon vre yo vle chanje. 22M ap tou di nou sa: nan jou jijman an, bagay la ap pi rèd pou nou pase pou moun Tir ak Sidon.#11:22 Tir ak Sidon Vil sa yo te plen moun k ap adore idòl. Epi tout moun te konnen yo pou jan te gen move bagay ki t ap pase nan yo.
23E nou menm moun lavil Kapènawòm, nou panse yo pral leve nou pou n rive nan syèl la? Non. Okontrè se nan kote mò yo ye a n ap desann. Si tout mirak mwen fè lakay ou yo mwen te fè yo nan vil Sodòm, jis jounen jodi a Sodòm t ap la. 24M ap di nou sa: nan jou jijman an, bagay la ap pi rèd pou moun lavil sa a pase pou moun Sodòm yo.”
Yon mo konsolasyon
(Lik 10:21-22)
25Apre sa Jezi leve vwa li, li di: “Mwen louwe non ou, Papa, Senyè syèl la ak tè a, dèske ou te kache tout bagay sa yo devan je nèg save yo ak moun lespri yo. Alòske ou revele yo bay ti piti sa yo ki pa reprezante anyen. 26Wi, Papa, sa fèt kon sa paske se kon sa menm ou te vle li.
27Papa m remèt mwen tout bagay. Pèsonn pa konnen kilès Pitit la ye pi byen, eksepte Papa a. Pèsonn pa konnen kilès Papa a ye pi byen nonplis, eksepte Pitit la ak moun Pitit la chwazi pou fè konnen Papa a k ap konnen Papa a.
28Vin jwenn mwen ou menm ki santi w fatige anba fado ki twò lou pou pote, m ap ba ou repo. 29Aksepte nouvo prensip lavi#11:29 Aksepte nouvo prensip lavi Sa nou tradui nouvo prensip lavi a se anreyalite mo “jouk”. Jouk se moso bwa yon mete sou kou 2 oswa plizyè bèt k ap rale charyo oswa k ap laboure tè. Konsa bèt sa yo oblije toujou pran menm direksyon. m ap ba ou, epi w a jwenn repo. Mwen se moun dou epi m pa gen gwo kòlèt. 30Fado pa m nan fasil pou pote, chay mwen an lejè.”

Currently Selected:

Mat 11: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy