YouVersion Logo
Search Icon

Lik 6:27-38

Lik 6:27-38 VKF

“Men sa m ap di nou, nou menm k ap koute m: Renmen lènmi nou yo. Fè byen pou moun ki rayi nou. Mande Bondye pou l beni moun ki mande pou move bagay rive nou. Priye pou moun ki maltrete nou. Si yon moun frape w nan yon bò machwè w, vire lòt bò a ba li tou. Si yon moun pran vès w, kite l pran chemiz la tou. Nenpòt moun ki mande w, ba li. Nenpòt moun ki pran afè w, pa mande l remèt ou yo. Sa ou ta renmen lòt moun fè pou ou, fè menm bagay pou yo. Si ou renmen moun ki renmen w sèlman, èske ou panse Bondye dwe rekonpanse w pou sa? Non, paske menm moun k ap viv nan peche yo renmen moun ki renmen yo. Menm jan an tou, si ou fè byen pou moun ki fè byen pou ou, ki merit ou genyen pou sa? Menm moun k ap viv nan peche yo fè menm bagay la tou. Si nou prete moun nou konnen ki ka renmèt nou, èske n panse Bondye ta dwe rekonpanse nou pou sa? Menm moun k ap viv nan peche yo prete moun k ap viv nan peche parèy yo pou yo renmèt yo menm kantite a. Men, se pou nou renmen lènmi nou yo, epi fè byen pou yo. Prete moun san nou pa met espwa y ap renmèt nou sa nou prete yo a. Konsa, rekonpans nou va gran. N a pitit Bondye ki pi wo nan syèl la. Paske li menm li bon anvè ni moun ki san rekonesans yo, ni mechan yo. Se pou nou gen kè sansib, menm jan Bondye Papa nou gen kè sansib. Pa jije moun si ou pa vle Bondye jije w tou. Pa kondane moun, kon sa Bondye p ap kondane w non plis. Padone moun, kon sa Bondye a padone w tou. Se pou nou bay, kon sa Bondye ap ban nou tou. N a resevwa anpil. Dyakout nou ap tèlman byen ranpli, l ap fè tiyon, epi l ap ranvèse. Paske jan ou trete lòt moun se kon sa Bondye ap trete w tou.”

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy