YouVersion Logo
Search Icon

Lik 23:1-25

Lik 23:1-25 VKF

Apre sa, tout foul la nèt leve epi yo mennen Jezi devan Pilat. Yo tonbe akize Jezi devan Pilat. Yo di: “Nou kenbe nonm sa a k ap monte tèt pèp la. L ap di yo pou yo pa peye taks bay Seza. Li di se li menm ki Mesi a, sa vle di yon wa.” Pilat poze Jezi kesyon. Li mande l: “Èske ou se wa Jwif yo?” Jezi reponn: “Se ou ki di li.” Apre sa, Pilat di chèf prèt yo ansanm ak foul la: “Mwen pa jwenn okenn fot nan nonm sa a.” Men yo kontinye plede ak Pilat. Yo di: “L ap monte tèt pèp la ak ansèyman l yo nan tout peyi Jide a. Li kòmanse bagay sa a depi nan Galile, kounye a li rive jouk isit la.” Lè pilat tande sa yo te di a, li mande: “Èske nonm sa a se moun Galile?” Lè Pilat aprann Jezi soti nan yon teritwa ki anba kòmandman Ewòd, li voye Jezi bay Ewòd ki li menm t ap pase kèk jou nan Jerizalèm lè sa a. Lè Ewòd wè Jezi, li pa t manke kontan. Depi yon bon tan li te konn tande pale de Jezi. Li te anvi rankontre ak li fasafas. Li te anvi wè Jezi fè yon mirak devan li. Ewòd te poze Jezi anpil kesyon, men Jezi pa t janm reponn anyen. Pandan tan sa a, chèf prèt yo ansanm ak Skrib yo pa t sispann pote anpil akizasyon kont Jezi. Ewòd ansanm ak sòlda l yo pran kont plezi yo sou do Jezi. Yo pase l nan rizib kont yo. Apre sa, yo mete yon bèl rad sou li epi yo voye l tounen bay Pilat. Ewòd ak Pilat ki te lènmi anvan sa, te rekonsilye youn ak lòt nan menm jou sa a. Pilat rele chèf prèt yo ak tout otorite yo ansanm ak tout pèp la. Li di yo: “Nou mennen nonm sa a ban mwen, nou di m l ap monte tèt pèp la. Epoutan, mwen egzamine li devan nou la a, mwen pa jwenn li koupab anyen nan bagay nou akize l yo. Ewòd nonplis pa jwenn li koupab, se sa k fè li voye l tounen ban nou. Nonm sa a pa fè anyen ki merite lanmò. Kidonk, m ap fè bat li byen bat, epi m ap lage l.” Men, tout foul la pran kriye ansanm: “Touye nonm sa a! Lage Barabas!” Barabas la te nan prizon poutèt li te okazyone yon dezòd epi li te touye yon moun tou. Kòm Pilat te vle lage Jezi. Sa fè li pale ak foul la ankò. Foul la menm pran kriye byen fò: “Kloure l sou yon kwa! Kloure l sou yon kwa!” Pou yon twazyèm fwa, Pilat di yo: “Manyè di m non, ki move zak nonm sa a fè? Mwen menm, mwen pa jwenn anyen nan li ki merite lanmò. Mwen deja di nou, m ap fè bat li byen bat, apre sa, m ap lage l.” Men, foul la kontinye kriye pi fò toujou. Yo ensiste pou Pilat klouwe Jezi sou kwa. Yo sitèlman rele fò, Pilat pran desizyon pou l ba yo sa yo mande a. Jan yo te mande l la, Pilat lage Barabas ki te nan prizon poutèt li te pwovoke yon dezòd epi touye moun, apre sa, li livre Jezi ba yo pou yo fè sa yo vle ak li.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy