YouVersion Logo
Search Icon

Lik 22:31-53

Lik 22:31-53 VKF

Jezi di ankò: “Mesye, Satan mande pèmisyon pou l teste nou tout tankou yon kiltivatè k ap vannen grenn nan laye li. O Simon, Simon. Mwen priye pou ou pou ou pa pèdi lafwa! Lè ou retounen vin jwenn mwen, se pou fòtifye frè w yo.” Men Pyè di l konsa: “Senyè, mwen pare pou m al nan prizon avè w. E si sa nesesè, m ap menm mouri avè w.” Men Jezi reponn li: “Pyè, m ap di w yon bagay. Anvan kòk chante demen maten, ou ap gentan di ou pa konnen m twa fwa.” Apre sa, Jezi di apot yo: “Lè m te voye nou san lajan, san manje, san soulye, èske nou te manke kichòy?” Yo reponn li: “Nou pa t manke anyen.” Epi li di yo: “Enben kounye a, si yon moun gen lajan, se pou l mache avè l; sa k gen manje, se pou l mache avè l. Moun ki pa gen nepe, se pou l vann rad li pou l achte yon nepe. Paske m ap di nou sa, pawòl ki te ekri nan Bib la, fòk li rive vre nan lavi mwen: Yo mete l nan menm panye ak mechan yo. Sa k te ekri sou mwen yo pral akonpli.” Disip yo di li: “Mèt, men de nepe.” Li di yo: “Ase.” Menm jan li te toujou fè l la, Jezi kite vil la, li ale sou mòn Oliv la. Disip yo tou te swiv li ale la. Lè Jezi rive sou mòn nan, li di disip yo: “Lapriyè, pou nou ka gen fòs devan tantasyon.” Jezi li menm avanse yon ti kras pi devan, yon distans yon moun te ka voye yon wòch, li mete ajenou, li kòmanse priye. Li di: “Papa, si se volonte w, tanpri retire gode soufrans sa a devan mwen. Men, se pa volonte pa m ki pou fèt. Se volonte pa w.” Apre sa, yon anj Bondye parèt soti nan syèl la vin fòtifye li. Jezi te nan gwo lapenn. Li priye pi plis toujou. Swè t ap koule sou li tonbe atè tankou gwo gout san. Lè Jezi leve nan lapriyè a, l al kote disip yo, li jwenn y ap dòmi. Yo te fatige tèlman yo te nan lapenn. Li di yo: “Pouki sa n ap dòmi? Leve non, lapriyè, pou nou ka gen fòs devan tantasyon.” Jezi pa t ko menm fin pale, lè yon foul moun vin rive. Jida, youn nan douz yo, t ap mache devan foul la. Li pwoche bò kote Jezi, li bo li. Men Jezi di l: “Jida, èske se avèk yon bo ou ap trayi Pitit Lòm nan?” Lè moun ki te avèk Jezi yo wè sa k t apral pase a, yo di: “Mèt, èske nou mèt voye kout nepe?” Youn ladan yo fè yon kout nepe sou domestik granprèt la, li koupe zòrèy dwat li. Men, Jezi reponn, li di: “Sispann! Pa fè bagay konsa.” Epi, Jezi manyen zòrèy domestik la, li geri li. Apre sa, Jezi pale ak moun ki te vin arete l yo, chèf prèt yo, chèf gad yo k ap siveye tanp lan, ansyen yo nan pami pèp Jwif la, li di yo: “Poukisa nou vin chache avèk baton ak nepe kòm si m te yon bandi? Mwen te toujou ansanm ak nou chak jou nan tanp lan, pou kisa nou pa t arete m. Men kounye a se jou pa nou, jou kote fènwa ap renye.”

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy