YouVersion Logo
Search Icon

Lik 2

2
Nesans Mesi a
(Mat 1:18-25)
1Nan menm peryòd sa a, Seza Ogis ki te wa nan lavil Wòm te pase lòd pou yo fè yon gran resansman nan tout peyi ki fè pati teritwa li t ap dirije a. 2Premye gran resansman sa a te fèt nan epòk lè Kiriniyis te gouvènè nan lavil Siri. 3Tout moun te oblije vwayaje ale nan vil kote yo te fèt pou yo te ka mete non yo sou lis resansman an.
4Konsa, Jozèf te oblije kite Nazarèt tou, ti vil nan rejyon Galile a, pou l te ale nan rejyon Jide, nan yon lòt ti vil ki rele Bètleyèm, lavil wa David la. Se la Jozèf te oblije ale pou resanse, paske li te soti nan branch fanmi David. 5Jozèf ak Mari te resanse ansanm nan menm kote a, paske yo te gentan fiyanse. Lè sa a, Mari te gentan ansent. 6Pandan Jozèf ak Mari te nan lavil Bètleyèm pou resansman an, lè a te rive pou Mari akouche. 7Mari akouche premye pitit gason li. Li vlope l byen vlope epi li mete l kouche nan yon kote yo konn bay bèt manje. Li te mete pitit la kouche la paske pa t gen plas ankò nan otèl#2:7 otèl Mo ki tradui “otèl” vle di yon chanm anplis nan yon kay pou vizitè yo desann, men se pa menm jan ak otèl yo nou konnen jodi a. Nan fanmi Jozèf, yo ta dwe genyen chanm siplemantè kon sa kote vizitè konn desann. la.
Nouvèl nesans Mesi a rive jwenn kèk bèje
8Nan menm nuit sa a, yon bann bèje te nan raje a toupre lavil Bètleyèm ap veye mouton yo. 9Sanzatann konsa, yon anj Senyè a parèt sou yo epi laglwa Senyè a, tankou yon gwo limyè, te klere tout kote yo te ye a. Bèje yo te pran tranble, tèlman yo te pè. 10Zanj lan di yo konsa: “Nou pa bezwen pè. Mwen vin anonse nou yon bòn nouvèl, sa pral pote lajwa pou tout pèp Izrayèl la. 11Jodi a menm, Sovè nou an fèt nan lavil David la. Se li menm Senye, Mesi#2:11 Mesi Literalman, “Kris”, se yon mo Grèk ki tradui mo Ebre “Mesi”. Gade Kris ak Mesi nan Lis Mo yo. Gade tou nan vèsè 26 epi tou nan tout liv sa a. yo k ap delivre nou anba tout tray nou yo. 12Men ki siy k ap fè nou rekonèt li: N ap jwenn yon ti bebe byen vlope epi kouche nan yon bwat an planch kote yo konn bay bèt manje.”
13Menm lè a, yon foul lòt anj nan syèl la, tankou yon lame, vin jwenn ak anj lan, epi yo t ap fè lwanj Bondye, yo t ap di:
14“Lwanj pou Bondye nan syèl la,
epi kè poze sou latè pou tout moun
ki fè Bondye plezi.”
15Apre sa, anj yo kite bèje yo, yo retounen nan syèl la. Lè sa a, bèje yo te pale youn ak lòt, yo te di: “Ann ale lavil Bètleyèm pou n al wè gwo evènman sa a Senyè a fè nou konnen an.”
16Konsa, yo kouri ale epi yo te jwenn Mari ak Jozèf ansanm ak ti bebe a ki te kouche nan bwat an planch kote bèt yo te konn manje a. 17Lè bèje yo te wè ti bebe a, yo te rakonte sa anj lan te di yo de li a. 18Tout moun ki t ap koute yo te sezi tande sa bèje yo te di yo. 19Mari menm te kenbe bagay sa yo nan tèt li. Li pa t sispann reflechi sou yo. 20Bèje yo te retounen kote mouton yo te ye a, yo t ap fè lwanj Bondye epi yo t ap remèsye li pou tout sa yo te wè ak sa yo te tande. Tout bagay yo te egzakteman jan anj lan te di yo a.
21Lè ti bebe a te gen uit jou, yo te sikonsi li, epi yo te ba l non Jezi. Se non sa a anj lan te bay depi menm anvan Mari te ansent pitit la.
Yo prezante Jezi nan tanp lan
22Lè lè a te rive pou Mari ak Jozèf te fè sa Lalwa Moyiz la te anseye sou koze pirifikasyon#2:22 pirifikasyon Dapre Lalwa Moyiz la, yon fi ki fin akouche yon pitit gason te dwe ofri sakrifis nan tanp lan apre 40 jou pou l ka pirifye rityèlman. Gade nan Lev 12:2-8. yo, yo mennen Jezi Jerizalèm pou yo te ka prezante l bay Senyè a. 23Dapre sa ki ekri nan Lalwa Senyè a: “Tout premye pitit gason ki fèt, y a mete yo apa pou Senyè a.”#2:23 Gade nan Egz 13:2, 12. 24Yo te ofri de toutrèl osinon de jèn pijon an sakrifis,#2:24 Nòmalman, sakrifis pirifikasyon an se te yon ti mouton en (1) an ak yon pijon (Lev 12:6), men Lalwa a te pèmèt moun ki malere tankou Jozèf ak Mari ofri de toutrèl (Lev 12:8). dapre sa Lalwa Senyè a te egzije tou.
Simeyon wè Mesi a
25Vwala te gen yon nonm ki te rele Simeyon ti t ap viv nan Jerizalèm. Se te yon nonm ki te viv lavi l byen selon volonte Bondye epi li te gen krentif pou Li tou. Li t ap veye ki lè pou Mesi a te parèt vin delivre Izrayèl. Senyè a te avèk Simeyon. 26Sentespri a te fè l konnen l ap wè Mesi a anvan l mouri. 27Sentespri a pouse Simeyon ale nan tan plan. Konsa, li te la lè Mari ak Jozèf te mennen ti pitit la vini pou yo fè sa Lalwa Jwif yo te egzije. 28Simeyon pran ti pitit la, li kenbe li. Li beni non Bondye. Li di:
29“Kounye a, Senyè, ou mèt kite sèvitè ou mouri nan lapè,
jan ou te pwomèt mwen an.
30Paske mwen wè ak pwòp je mwen sa ou ap fè pou delivre pèp ou a.
31Ou prepare l mete devan je tout pèp yo.
32Li se yon limyè k ap klere pou montre chemen w lan devan nasyon moun ki pa Jwif yo.
Se li menm tou k ap fè lonè Izrayèl, pèp ou a.”
33Papa Jezi ansanm ak manman l te sezi tande bagay Simeyon t ap di de li yo. 34Apre sa, Simeyon beni yo epi li di Mari konsa: “Gade non, ou wè ti pitit sa a, l ap lakòz anpil moun tonbe, men, l ap lakòz anpil lòt moun leve tou nan pami pèp Izrayèl la. Bondye ap sèvi ak li pou avèti moun konsènan sa k pral rive nan tan k ap vini yo. Men anpil moun ap kanpe an kwa devan l. 35Konsa, l ap devwale sekrè ki kache nan kè anpil moun. Kanta pou ou menm, sa k gen pou rive ti pitit sa a ap fè w soufri anpil, se kòmsi se yon kouto ki t ap fann kè w.”
Àn wè Mesi a
36Te gen yon fi ki te pwofèt yo te rele Àn. Li te rete nan tanp lan. Àn te soti nan fanmi Fanyèl, ki li menm te soti nan tribi Azè. Li te gentan vye granmoun. Se yon fi ki te sèlman gen chans viv setan avèk mari li anvan mari li te mouri. 37Apre sa, li rete vèv jouktan li te gen katrevenkat ane. Àn te toujou nan tanp lan, li pa t janm deplase. Li te sèvi Bondye lajounen tankou lannuit. Li te toujou ap jene epi priye.
38Nan menm lè sa a, Àn pwoche bò kote yo, li kòmanse fè lwanj Bondye epi li t ap pale de Jezi ak tout moun ki t ap tann ki lè pou Bondye te vin delivre Jerizalèm.
Jozèf ak Mari retounen lakay yo
39Lè Jozèf ak Mari te fin fè tout sa Lalwa Senyè a te egzije pou yo fè, yo te retounen lakay yo nan Nazarèt, ti vil kote yo te rete a, nan Galile. 40Jezi li menm t ap grandi epi li t ap devlope. Li te ranpli ak sajès epi gras Bondye te sou li.
Jezi antan yon ti gason
41Chak ane, paran Jezi yo te konn monte Jerizalèm pou sezon fèt Pak la. 42Lè Jezi te gen douz an, li akonpanye paran yo ki t ap monte Jerizalèm pou fèt la kòm dabitid. 43Lè peryòd fèt la te fin pase, paran yo pran wout pou tounen lakay, men Jezi li menm te rete Jerizalèm san paran yo pa t reyalize sa. 44Yo te vwayaje pandan tout yon jounen avèk lide Jezi te nan foul la. Apre sa, yo kòmanse chache li nan pami zanmi ak fanmi ki te nan wout la ak yo. 45Men, yo pa t jwenn li. Konsa, yo te blije tounen Jerizalèm pou y al chache li.
46Apre twa jou ap chache, yo te jwenn Jezi nan lakou tanp lan ansanm ak direktè Lalwa yo. Li t ap koute sa yo t ap di epi li t ap poze yo anpil kesyon tou. 47Tout moun ki t ap tande repons li yo te etone devan konpreyansyon ak sajès li. 48Lè manman l ak papa l te wè li, yo pa t manke sezi. Apre sa, manman l di l konsa: “Pitit mwen, poukisa ou fè nou sa? Mwen menm ak papa w te enkyete anpil pou ou. Se pa ti chache nou gentan chache w.”
49Lè sa a Jezi di yo: “Pou kisa nou t ap chache m? Nou te dwe konnen, kote travay Papa m ye se la pou m ye.” 50Men yo pa t konprann anyen nan sa li te di yo a.
51Jezi te desann ansanm ak yo ale Nazarèt epi li te obeyi yo. Manman li te sere tout bagay sa yo nan kè li. 52Firamezi Jezi t ap grandi, li t ap kontinye devlope tou nan sajès epi ni Bondye ni lèzòm te apresye l anpil.

Currently Selected:

Lik 2: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy