Apre sa, Jezi di disip li yo ankò: “Ap toujou gen okazyon pou fè moun tonbe nan peche. Men, malè pou moun ki lakoz bagay sa yo rive. Li ta pi bon pou yo ta mare yon wòl moulen nan kou yon moun epi voye l jete nan lanmè. Wi, li t ap pi bon pase pou yo ta lakoz youn nan ti piti sa yo tonbe nan peche. Fè anpil atansyon ak pwòp tèt nou. Si frè ou fè peche, rale zòrèy li. Si l chanje konpòtman, padone l. Si l peche kont ou sèt (7) fwa pandan yon jounen epi tout sèt (7) fwa yo li vin kote w li di w: Mwen regrèt sa m te fè a, se pou padone li.” Lè sa a, apot yo di Jezi konsa: “Enben, ogmante lafwa nou.”
Share
Read Lik 17
Save verses, read offline, watch teaching clips, and more!
YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy
Home
Bible
Plans
Videos