YouVersion Logo
Search Icon

Lik 16:1-18

Lik 16:1-18 VKF

Apre sa, Jezi di disip li yo: “Vwala se te yon nonm rich ki te gen yon administratè ki t ap jere byen l yo pou li. Yo vin fè nonm rich la konnen administratè a t ap fè piyay nan byen yo. Nonm rich la rele administratè a, li di l: Mwen aprann anpil move bagay de ou. Vin fè regleman avè m sou sa ou te fè ak lajan m yo, paske mwen p ap kite byen m yo anba men w ankò pou jere. Konsa, administratè a tonbe reflechi. Li di nan kè l: Ki sa m ta fè la a, poutèt patwon an ap retire byen l yo nan men m? Mwen pa gen fòs pou travay tè epi se ta yon wont pou m ta tonbe nan mande charite? M konn sa m pral fè. M ap chache fè zanmi, dekwa pou lè m pèdi travay la zanmi sa yo ka resevwa m lakay yo. Konsa, administratè a rele tout moun ki te dwe patwon an lajan, youn apre lòt. Li mande premye a: Konbyen ou te dwe mèt la? Li reponn: Mwen dwe san (100) bidon lwil. Administratè a di li: Men papye kontra w yo, chita la, degaje w vit ekri senkant (50). Apre sa, li mande yon lòt: E ou menm, konbyen ou dwe? Li reponn: Mwen dwe san (100) sak ble. Lè sa a, administratè a di: Men papye kontra w yo, ekri katreven (80). Patwon an fè move administratè a konpliman dèske li te aji ak tout ladrès sa a. Jounen jodi a, moun k ap viv nan fènwa yo parèt entèlijan nan jan y ap mennen biznis yo youn ak lòt plis pase moun k ap viv nan limyè Bondye a.” Jezi di yo ankò: “Nou menm, men sa m ap di nou. Fè zanmi pou demen ak richès nou genyen sou latè. Pou lè bagay sa yo fin pase, y a resevwa nou nan yon kay k ap la pou tout tan. Nenpòt moun ou ka fè konfyans nan ti bagay, ou ka fè l konfyans nan gwo bagay tou. Nenpòt moun ki malonnèt nan ti bagay, l ap malonnèt nan gwo bagay tou. Si ou aji mal ak richès sou latè yo, ki moun k ap fè w konfyans ak vrè richès la? Si yo pa ka fè w konfyans ak bagay ki pa menm pou ou, kijan yo ka fè w konfyans ak bagay ki rele w pa w. Pèsonn pa ka janm sèvi de mèt alafwa. Se oubyen li rayi youn epi li renmen lòt la. L ap sèvi youn byen epi l ap meprize lòt la. Li pa posib pou nou sèvi Bondye ak richès anmenmtan.” Farizyen yo t ap koute tout sa Jezi t ap di yo. Men, yo te pase Jezi nan betiz paske yo menm yo renmen lajan. Men Jezi di yo: “N ap fè tèt nou pase pou moun k ap fè sa ki dwat devan je moun, men Bondye konnen vrè panse ki nan kè nou. Sa moun panse ki gen enpòtans bay Bondye degoutans nan kè li. Anvan Janbatis te vini, Bondye te toujou anonse pèp la pou yo viv lavi sou baz sa lalwa Moyiz la ansanm ak ekri pwofèt yo te di. Men, depi Janbatis fin vini an se Bòn Nouvèl Wayòm Bondye a k ap preche epi moun ap fè anpil jefò pou yo antre ladan l. Men, li t ap pi fasil pou syèl la ak tè a disparèt pase pou yon sèl ti detay nan lalwa a ta pèdi.” Yon nonm ki divòse ak madanm li epi ki marye ak yon lòt, li komèt adiltè. Yon nonm ki marye ak yon fi mari l te divòse ak li, li komèt adiltè tou.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy