Pèseptè kontribisyon yo ansanm ak moun k ap viv nan peche yo te pwoche bò kote Jezi pou yo tande ansèyman li yo. Farizyen yo ansanm ak Skrib yo menm t ap plenyen kont sa, yo t ap di: “Nonm sa a resevwa moun k ap viv nan peche yo epi li manje ak yo.” Se sa k fè Jezi rakonte yo parabòl sa a. “Sipoze youn nan nou gen san (100) mouton epi youn ladan yo pèdi. Ki sa ou t ap fè? Ou t ap kite katrevendiznèf (99) lòt yo nan raje a epi pati al chache mouton ki pèdi a. Ou t ap kontinye chache jouktan li jwenn ni? Lè l jwenn ni, li pote l sou zepòl li ak anpil kè kontan. Lè l rive lakay, li rele tout zanmi l yo ak vwazen li yo, li di yo: Vin rejwi ansanm ak mwen, paske mouton m nan ki te pèdi a, mwen jwenn ni. M ap di nou sa, gen anpil rejwisans nan syèl la lè yon sèl pechè chwazi chanje lavi li epi tounen vin jwenn Bondye. Gen plis rejwisans pou yon sèl pechè sa a pase pou katrevendiznèf (99) jis yo ki pa bezwen chanje lavi yo. Sipoze yon madanm ta gen dis (10) pyès lajan epi l ta pèdi youn ladan yo. Li t ap limen lanp li, epi bale kay la byen bale. Li t ap chache jouktan li jwenn pyès lajan an? Lè l jwenn ni, li rele tout zanmi l yo ak tout vwazen l yo epi li di: Vin rejwi ansanm ak mwen, paske pyès lajan m nan ki te pèdi a, mwen jwenn ni. Konsa tou m ap di nou, gen anpil rejwisans nan pami anj Bondye yo lè yon pechè chwazi chanje lavi li epi tounen vin jwenn Bondye.”
Share
Read Lik 15
Save verses, read offline, watch teaching clips, and more!
YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy
Home
Bible
Plans
Videos