YouVersion Logo
Search Icon

Lik 13:1-21

Lik 13:1-21 VKF

Lè sa a, te gen kèk moun ki te la ki di Jezi sa Pilat te fè yon gwoup moun peyi Galile ki te vin adore Bondye. Pilat fè touye yo. San moun sa yo te melanje ak san bèt yo te pote pou ofri an sakrifis yo. Jezi reponn, li di yo: “Èske nou panse moun Galile sa yo te fè plis peche pase tout lòt moun nan peyi yo ki fè yo te masakre yo konsa? Non, se pa vre. M ap di nou sa: Si nou pa deside kounye a menm pou n chanje jan nou panse ak jan nou viv, nou menm tou n ap peri menm jan an. E dizuit (18) moun ki te mouri yo lè gwo kay la te tonbe sou yo nan Jerizalèm nan, toupre pisin Siloye a? Nou dwe panse sa te rive paske yo te fè plis peche pase tout lòt moun nan lavil Jerizalèm yo? Non, se pa paske yo te fè plis peche. M ap di nou sa: Si nou pa deside kounye a menm pou n chanje jan nou panse ak jan nou viv, nou menm tou n ap peri menm jan an.” Apre sa, Jezi rakonte parabòl sa a: “Yon nonm te plante yon pye fig nan jaden li. Yon lè, li vin chache fig nan pye fig la, li pa jwenn anyen. Li rele sèvitè ki te responsab pou pran swen jaden an, li di l: Sa fè twazan depi m ap vin chache fwi sou pye fig sa a m pa janm jwenn. Koupe l jete! Se gaspiye l ap gaspiye tè kote l plante a. Men sèvitè a reponn: Mèt, bay pye fig la yon ane ankò pou nou wè. M ap fouye twou toutotou li epi m ap mete fimye nan rasin ni. Se posib l ap pwodui fwi lane pwochèn. Si nou ta wè li pa donnen, alò ou ta mèt koupe l.” Jezi t ap anseye nan yon sinagòg yon jou saba. Te gen yon fi nan sinagòg la ki te gen yon move lespri sou li. Sa fè dizuit (18) an depi move lespri a te fè l kokobe. Li te bosi. Li pa t ka kanpe dwat. Lè Jezi wè fi a, li rele l, li di l: “Madanm, ou delivre anba maladi w la tande!” Jezi poze men li sou fi a epi menm kote a fi a vin ka kanpe dwat epi li kòmanse fè louwanj pou Bondye. Chèf sinagòg la menm pa t manke fache dèske Jezi te geri fi a nan jou repo a. Li di foul la konsa: “Gen sis (6) jou nan senmenn nan pou moun travay, se pou nou vini nan jou sa yo pou nou jwenn gerizon. Pa vini pou chache gerizon nan jou repo a.” Jezi reponn chèf sinagòg la, li di li: “Bann ipokrit! Èske nou pa lage bèf nou ak bourik nou epi mennen yo al bwè dlo nan jou repo a? Fi sa a mwen geri a, se yon pitit pitit Abraram li ye tou. Satan te kenbe l anba pouvwa li depi dizuit (18) an. Alò li menm tou pa ta dwe jwenn libète l nan jou repo a?” Lè Jezi te bay repons sa a, tout moun ki t ap kritike l yo te wont. Foul la menm te kontan anpil pou tout bèl mèvèy Jezi t ap fè yo. Apre sa Jezi di: “Ak kisa Wayòm Bondye a sanble? Ak kisa mwen ta ka konpare li? Wayòm Bondye a se tankou yon ti grenn moutad. Yon nonm pran ti grenn moutad la li plante l nan jaden li. Ti grenn moutad la grandi, li tounen yon gwo pyebwa, epi zwazo yo nan syèl la fè nich nan branch li yo.” Apre sa Jezi di ankò: “Ak kisa mwen ka konpare Wayòm Bondye a? Wayòm Bondye a se tankou ledven yon fi pran li melanje l ak yon gwo mamit farin pou l fè pen. Ledven an fè tout pat la leve.”

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy