YouVersion Logo
Search Icon

Lik 12:35-59

Lik 12:35-59 VKF

Se pou nou toujou tou pare ak rad nou sou nou epi ak lanp nou limen nan men nou. Se pou nou rete tankou sèvitè k ap tann mèt yo tounen sot nan yon fèt maryaj. Kou l frape nan pòt la pou yo gentan louvri pou li san pèdi tan. Ala benediksyon pou sèvitè sa yo Mèt la jwenn ap veye vini li! Sa m ap di nou la a se pawòl sèten, mèt la ap mete tabliye l sou li, l ap fè sèvitè yo chita bò tab epi l ap sèvi yo manje. L ap bon nèt pou sèvitè sa yo si mèt la vini vè minwi osinon vè twazè dimaten menm epi li jwenn yo ap veye. Sonje byen: si mèt kay la te konnen a ki lè nan nuit la vòlè ap vini, li pa t ap kite l kase kay la. Nou menm tou, nou bezwen prè, paske Pitit Lòm nan ap vini nan lè nou pa atann.” Lè sa a, Pyè di Jezi konsa: “Mèt ou rakonte parabòl sa a pou nou menm disip yo osinon pou tout moun?” Senyè a reponn, li di: “Ki lès nan sèvitè mèt la yo ki saj ase pou mèt la fè l konfyans? Mèt la fè youn nan sèvitè yo konfyans pou l bay lòt sèvitè yo manje lè yo gen bezwen. Byenere sèvitè sa a lè Mèt la retounen, li jwenn nan pye travay li! An verite m ap di nou: Mèt la ap mete l chèf sou tout sa l genyen. Imajine tou yon move sèvitè ki di nan kè l: Mèt la pa ko ap tounen? Epi li kòmanse ap bat lòt sèvitè yo ak sèvant yo tou epi li tonbe bwè jouk li vin sou. Mèt la ap rive sou li sanzatann, nan lè li pa konnen; lè sa a l ap resevwa yon pinisyon ki sevè. Mèt la ap voye l menm kote ak ipokrit yo. Yon sèvitè ki konnen volonte mèt li, epi ki pa prepare osinon ki pa fè zafè l selon volonte mèt li, l ap gen pou resevwa anpil kout makak. Men, kisa k ap rive ak yon sèvitè ki pa konnen kisa mèt li vle l fè? Si li fè bagay ki fè l merite pini, y ap pini l mwens pase sèvitè ki konnen byen sa pou l fè a. Moun Bondye konfye anpil, y ap espere menm plis pase sa yo te konfye l la de li. Mwen vini pou m simaye yon dife sou latè. M swete m te wè dife sa limen deja. Gen yon kalite batèm mwen dwe resevwa. M santi m twouble anpil jouktan mwen resevwa batèm sa a. Èske nou panse se lapè mwen te vin simaye sou latè? Non! Se divizyon mwen vin simaye pito. Apati de jodi a, si gen senk moun nan yon fanmi, y ap divize twa kont de, de kont twa. Papa ap leve kont pitit gason li, pitit gason ap leve kont papa li; manman ap leve kont pitit fi li, pitit fi ap leve kont manman li; bèlmè ap leve kont bèlfi, bèlfi ap leve kont bèlmè.” Apre sa, Jezi di foul la: “Lè nou wè nyaj ap gonfle sou bò solèy kouche a, nou di: Li pral fè yon kokenn chenn lapli, epi sa rive vre jan nou di a. Lè nou wè van an ap soufle soti nan sid pou met tèt nan nò, nou di: li pral l fè cho konpè! Epi sa rive vre. Bann ipokrit! Nou konn kijan pou n entèprete bagay sou fas tè a ak nan syèl la pou nou konnen ki tan l ap fè, pou kisa atò nou pa ka entèprete bagay k ap pase nan tan sa a kounye a? Pouki sa nou pa ka jije pou tèt nou tou kisa ki dwat ak kisa ki pa dwat? Si yon moun gen pwoblèm ak ou epi li rele w nan tribinal. Etan nou nan wout pra l nan tribinal la, se pou ou chache antann ou ak moun nan pou bagay la pa rive devan jij. Si se pa sa, l ap trennen w devan jij la, jij la menm ap lage w nan men lapolis, epi lapolis ap lage w nan prizon. M ap di w sa, ou p ap soti nan prizon an jouktan ou fin peye tout lajan ou dwe a, san manke yon santim.”

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy