YouVersion Logo
Search Icon

Lik 11:29-54

Lik 11:29-54 VKF

Pandan foul la te kontinye ap gwosi, Jezi di yo konsa: “Ala moun yo mechan se moun alèkile yo. Y ap mande mirak ki pou sètifye travay mwen, men yo p ap jwenn lòt mirak eksepte mirak pwofèt Jonas la. Paske, menm jan Jonas te sèvi kòm yon siy pou pèp Niniv la, kon sa tou Pitit Lòm nan va sèvi kòm yon siy pou moun nan jenerasyon sa a. Nan jou jijman an, rèn ki te sòti nannsid la ap leve kòm temwen pou kondane jenerasyon jodi a, paske li te sòti jouk nan dènye bout latè pou l te ka tande ansèyman sajès Salomon yo. Men nou menm, nou refize koute epi moun ki devan nou an pi enpòtan pase Salomon. Nan jou jijman an, pèp Niniv la ap kanpe kòm temwen pou kondane jenerasyon jodi a, paske yo menm yo te repanti lè yo te tande mesaj Jonas la. Men nou menm, nou refize repanti epi moun ki devan nou an pi enpòtan pase Jonas. Pa gen moun k ap limen yon lanp pou l sere l nan yon ti kwen osinon anba yon bokit. Okontrè, l ap mete l anlè sou etajè, yon fason pou lè moun ap antre limyè a ka klere pou yo. Se je yon moun ki sèvi kòm sèl sous limyè pou rès kò a. Si ou gade lòt moun avèk yon je jenere, y ap wè ou se yon moun ki ranpli ak limyè. Men, si ou gade moun ak move je, y ap wè ou se yon moun ki ranpli ak fènwa. Fè sèten ou se yon moun ki ranpli ak limyè olye fènwa. Si ou ranpli ak limyè, epi pa gen okenn pati nan ou ki kache nan fènwa, ou ap briye nèt tankou lè yon lanp ap klere chemen ou ak limyè li.” Lè Jezi fin pale, yon Farizyen envite l vin manje ak li. Jezi ale, li antre lakay Farizyen an epi li chita bò tab la. Farizyen an pa t manke sezi lè l wè Jezi pa t lave men l anvan l manje. Men, Jezi di Farizyen an konsa: “Nou menm Farizyen yo sa nou fè a se tankou yon moun ki netwaye deyò yon gode oubyen yon plat men anndan nou se lide vòlò, lide pran tout pou nou ak mechanste sèlman ki genyen. Bann moun egare! Bondye ki kreye pati ki sou deyò a se li menm tou ki kreye anndan an. Bay pòv yo sa w ta renmen gade pou ou menm. Lè sa a ou ap pwòp nèt. Malè pou nou, nou menm Farizyen yo, paske nou bay Bondye ladim sou pye mant, pye sitwonèl ak lòt kalite plant nou yo. Men, kanta pou pratike lajistis, pou nou renmen Bondye, nou kale yo bèl vag. Tandiske se sa pou ne te fè, san n pa neglije lòt bagay yo tou. Malè pou nou, nou menm Farizyen yo ki renmen pran plas devan nan sinagòg yo ak lè moun ap montre respè pou nou lè y ap salye nou nan mache yo. Malè pou nou, paske nou tankou yon bann tonm ki pa make. Moun ap mache sou nou san yo pa konnen kijan nou malouk anndan nou.” Apre sa, youn nan direktè Lalwa yo pran lapawòl li di: “Mèt, lè ou ap di bagay sa yo ou ensilte nou tou wi nou menm.” Jezi reponn li: “Malè pou nou tou nou menm direktè Lalwa yo, paske nou fè yon pakèt lwa ki difisil pou moun obeyi, epi nou oblije pèp la obeyi yo. Alòske nou menm, nou p ap menm eseye fè sa lwa sa yo mande. Malè pou nou paske nou bati bèl tonm pou pwofèt yo, men, se zansèt nou yo ki te touye yo. Lè nou fè sa, nou montre nou dakò ak sa zansèt nou yo te fè, lè yo te touye pwofèt yo, paske yo te touye yo, nou menm nou bati tonm pou yo. Se poutèt sa Bondye di nan sajès li: M ap voye pwofèt ak apot ba yo. Y ap touye kèk ladan yo epi y ap pèsekite rès yo. Konsa, nou menm ki fè pati jenerasyon sa a, Bondye ap pini nou pou san tout pwofèt ki te koule depi okòmansman lakreyasyon pou jis kounye a. L ap tankou se nou menm ki te touye soti sou Abèl pou rive sou Zakari, sila a ki te mouri ant lotèl la ak kay ki apa pou Bondye a. M pa kache di nou sa, Bondye p ap manke pini jenerasyon nou an pou tout zak sa yo. Malè pou nou, nou menm direktè Lalwa! Nou kenbe kle pou louvri pòt konesans pawòl la nan men nou. Epoutan nou pa aprann anyen ladan l pou tèt nou epi nou anpeche lòt moun aprann tou.” Lè Jezi kite kote l te ye a, Skrib yo ak Farizyen yo te kòmanse ap di move pawòl sou li. Yo te tonbe kwense l ak kesyon pou wè si fè l di yon pawòl ki pa sa. Yo t ap chache mwayen pou tann pyèj pou li, pou yo ta akize ak pawòl ki soti nan bouch pa li.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy