YouVersion Logo
Search Icon

Lik 1:57-80

Lik 1:57-80 VKF

Lè lè a te rive pou Elizabèt akouche, li fè yon pitit gason. Lè vwazen l yo ak fanmi l yo pran nouvèl kijan Bondye te manifeste bonte li anvè Elizabèt, sa te fè yo kontan anpil pou li. Lè ti bebe a te gen uit jou, yo te ale pou sikonsi li. Yo te vle rele l Zakari tou pou te leve non papa l. Men, manman l te di: “Non, se Jan pou l rele.” Moun ki te la yo di Elizabèt konsa: “Men, pa gen pèsonn nan fanmi w ki rele Jan.” Lè sa a, yo pale an siy ak papa a, yo mande l: “Ki jan ou ta renmen rele pitit la?” Zakari mande pou yo ba li yon bagay pou l ekri. Epi li ekri, “Non li se jan.” Tout moun te sezi. Apre sa, Zakari te vin ka pale ankò, epi li te kòmanse fè lwanj pou Bondye. Tout moun nan vwazinay la te vin pè pou sa k pase a. Epi nan tout mòn Jide a moun pa t sispann pale koze a. Tout moun ki te pran nouvèl sa k pase a t ap poze tèt yo anpil kesyon. Yo t ap mande tèt yo: “Ki sa ti gason sa a ap devni menm?” Yo te ka wè pouvwa Senyè a te avèk ti gason an. Apre sa, Sentespri a te ranpli Zakari, papa Jan, epi li te kòmanse ap bay pèp la yon mesaj ki soti nan Bondye ki di konsa: “Lwanj pou Senyè a, Bondye Izrayèl la. Li vin pote konkou bay pèp li a, li vin libere yo. Li ban nou yon Sovè ki gen anpil puisans ki soti nan branch fanmi sèvitè li David. Se sa menm li te pwomèt pa mwayen pwofèt li yo depi nan tan lontan. Li te pwomèt pou l delivre nou anba lènmi nou yo anba grif tout moun ki rayi nou yo. Li te di li t ap manifeste konpasyon li anvè gran paran nou yo, epi li t ap toujou sonje alyans san defo li te fè ak yo a. Se sa menm li te pwomèt gran papa nou Abraram, yon pwomès pou l delivre nou anba puisans lènmi nou yo, pou nou kapab sèvi li san kè sote, nan sentete ak nan yon fason ki kòrèk devan je li toutotan n ap viv. Kanta pou ou menm, ti gason, y a rele w pwofèt Bondye ki pi wo nan syèl la. Ou ap gen pou pran devan Senyè a pou prepare chemen an pou li. Ou ap fè pèp li a konnen y ap jwenn delivrans nan resevwa padon pou peche yo. Paske Bondye gen kè sansib, l ap fè yon limyè soti anwo vin klere nou tankou solèy k ap leve. L ap klere sa yo k ap viv nan fènwa epi ki chita anba lonbray lanmò. L ap gide nou nan chemen lapè a.” Ti gason an menm t ap grandi epi li te byen devlope nan lespri l. Li te rete nan dezè a jouktan lè a te rive pou l parèt an piblik pou l preche mesaj Bondye a devan pèp Izrayèl la.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy