YouVersion Logo
Search Icon

Ebre 12:1-15

Ebre 12:1-15 VKF

Nou gen anpil egzanp tankou sa yo. Lavi moun sa yo fè nou konprann lafwa pi byen. Konsa, nou menm tou, an nou fè jefò pou n kouri nan kous ki louvri devan nou an. An nou mete sou kote tout bagay k ap ralanti kous nou, ak tout peche k ap detounen pye nou detanzantan pou fè nou kite chemen an. Nou pa dwe janm retire je nou sou Jezi. Lafwa nou depann de li depi nan kòmansman rive nan fin isman. Jezi t aksepte mouri sou lakwa. Men li t aksepte tout wont ki mache ak kalite lanmò sa a kòmsi se pa t anyen, malgre rejwisans li te wè ki rezève pou li. Kounye a, li chita nan plas donè ki adwat twòn Bondye a. Wi, annik reflechi sou valè tray Jezi pase anba men pechè sou latè ki te rayi l yo! Konsa, nou p ap kite dekourajman pote n ale, nou p ap bay legen. Dayè, nan batay n ap mennen kont peche a, nou pako rive nan pwen kote lanmò se sèl bon chwa ki rete. Nou se pitit Bondye, men nou gen lè bliye pawòl ankourajman Bondye voye pou konsole kè nou: “Pitit mwen, lè Senyè a ap korije w. Pa pran sa alalejè, pa dekouraje. Senyè a korije tout moun li renmen; li pini tout moun l aksepte kòm pitit li.” Konsa, sipòte soufrans tankou yon pitit papa l ap korije. Bondye trete nou tankou pitit li. Ki pitit yon papa pa janm korije? Si n ta wè n pa janm resevwa koreksyon nan men Bondye menm jan ak tout pitit, konnen nou pa pitit lejitim li, konnen se pa moun Bondye nou ye vre. Nou tout gen papa isit sou latè ki korije nou, epi nou respekte yo. Konsa, li menm pi enpòtan toujou pou n obeyi Papa espirityèl nou pou n ka gen lavi. Wi papa nou sou latè te korije pou yon ti tan. Yo te fè sa yo kwè ki t ap pi bon pou nou. Men Bondye korije nou pou l ka ede nou vin sen menm jan avè l. Pa gen moun ki renmen koreksyon, paske sa fè mal. Men pita, lè leson an byen antre nan tèt nou, n ap jwi lapè moun ki fè sa ki byen. Remanbre men fatige nou yo. Repare jenou nou yo k ap tranble. Ranmase fòs nou. Pa fè chemen kwochi pou pye n yo ki gentan ap bwate pa fin enfim nèt, men pou yo ka geri. Fè tout sa k depann de nou pou nou viv an pè ak tout moun, mennen yon lavi ki sen pou fè Bondye plezi. Nenpòt moun ki pa mennen yon lavi ki sen konsa, li p ap janm wè Bondye. Fè sèten pou pèsonn nan mitan nou pa vire do bay gras Bondye a. Fè sèten pou pèsonn nan mitan nou pa vin tounen yon plant nwizib k ap pouse epi k ap pwazonnen tout gwoup la.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy