YouVersion Logo
Search Icon

Efez 6

6
Relasyon pitit ak paran
1Timoun obeyi paran nou jan Bondye vle l la, paske se sa ki dwe fèt. 2“Onore papa w ak manman ou.”#Egz 20:12; Det 5:16. Sa se premye kòmandman an ki gen yon pwomès ki mache avè l. 3Pwomès la se: “Lè sa a, tout bagay ap mache byen pou ou, epi ou ap viv lontan sou latè.”#Egz 20:12; Det 5:16.
4Nou menm papa yo, pa aji ak pitit nou yo nan fason k ap eksite kòlè yo. Okontrè, se pou n elve yo byen. Se pou n enstwi yo epi korije yo dapre prensip pawòl Bondye.
Relasyon mèt ak esklav
5Nou menm esklav yo, obeyi mèt nou genyen sou latè yo ak anpil respè. Fè sa ak tout kè nou, menm jan nou obeyi Kris la. 6Pa obeyi mèt yo jis pou fè yo plezi, lè nou devan je yo. Men, se pou n obeyi yo ak yon kè ki sensè, menm lè yo p ap veye nou. 7Lè n ap fè travay nou antan esklav, fè l ak kè kontan. Konsidere se pa pou moun n ap travay, men se pou Senyè a. 8Paske, sonje sa byen: kit yon moun se esklav kit li pa esklav, li gen pou l resevwa rekonpans li nan men Senyè a pou bon travay li te fè.
9Nou menm mèt yo, menm jan an tou, se pou nou trete esklav nou yo byen. Piga nou fè yo menas ak pawòl nan bouch nou. Pa bliye, ni nou menm ni esklav yo, nou tout gen yon sèl mèt, Senyè a ki nan syèl la, epi li pa nan paspouki ak pèsonn.
Abiye nou pou lagè
10Pou fin i, chache fòs nou nan Senyè a ak nan gwo pouvwa li. 11Mete sou nou tout zam Bondye yo pou nou ka kanpe fèm kont tout taktik Dyab la. 12Paske nou nan yon batay, epi se pa avèk moun parèy nou n ap goumen. Men, n ap goumen kont yon kolonn chèf, pouvwa, ak otorite k ap gouvène lemonn ki limenm nan fènwa. N ap goumen kont yon bann move lespri envizib ki nan syèl yo. 13Se sa k fè menm nou dwe pran tout zam Bondye ban nou yo, pou lè jou batay la rive, nou ka kanpe fèm devan lènmi an. Wi, fè tout sa poutèt pou, apre batay la fin i, nou ka kontinye kanpe nan pozisyon nou.
14Kidonk, prepare nou. Sèvi ak verite a tankou yon sentiwon pou mare ren nou. Viv yon vi ki dwat se tankou yon plak pwotèj sòlda yo pou pwoteje lestomak nou. 15Sèvi ak Levanjil ki bay lapè a tankou yon soulye pou n mete nan pye nou. 16Sèvi tou ak lafwa nou nan Bondye tankou yon defans pou nou bloke tout flèch tou limen lènmi an ap voye sou nou. 17Konsa tou, resevwa delivrans Bondye bay la tankou yon kas pou n mete nan tèt nou. Epi tou pran nepe Sentespri a, pawòl Bondye a menm. 18Pandan n ap fè tout bagay sa yo, pa janm sispann priye Bondye. Priye nan tout sitiyasyon jan Lespri Bondye dirije nou. Fè tout kalite priyè, epi mande tout sa nou bezwen. Pou nou rive fè sa, fòk nou toujou pare. Pa janm sispann priye pou tout pèp Bondye a.
19Kontinye priye pou mwen tou, konsa, lè m ap pale, pou Bondye ban m pawòl pou m anonse verite sekrè Levanjil la san m pa pè anyen. 20Se responsabilite m pou m anonse Levanjil la. Se travay sa a menm m ap fè malgre m nan prizon an. Priye pou mwen pou m ka pale san krent, jan sa dwe fèt.
Dènye salitasyon
21M ap voye Tichik ban nou, frè byeneme nou Kris la, ki fidèl nan sèvis pou Senyè a. L a di nou tout sa k konsène m pou nou ka konnen tou kijan m ap debouye m. 22M ap voye l ban nou espre pou nou ka konnen nouvèl mwen epi pou l ka ankouraje nou.
23M ap priye Bondye Papa a ansanm ak Senyè Jezikris pou bay tout frè ak sè nou yo lapè, lanmou ak lafwa. 24Gras Bondye avèk tout moun ki renmen Senyè Jezikris ak yon lanmou ki p ap janm fin i.

Currently Selected:

Efez 6: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy