YouVersion Logo
Search Icon

Efez 4

4
Inite ki gen nan legliz Kris la
1Mwen menm ki yon prizonye paske m ap sèvi Jezikris, m ap mande nou, nou menm Bondye rele, pou nou viv yon jan ki fè lwanj pou Bondye. 2Se pou nou toujou moun ki senp nan jan nou viv, moun ki dou epi ki gen pasyans. Ak lanmou, sipòte lè nou youn pa menm jan ak lòt. 3Se Sentespri Bondye a ki mete nou tout kwayan yo ansanm nan yon sèl kò. Fè tout efò nou pou nou kenbe inite sa a nan lapè youn ak lòt. 4Menm jan Bondye rele nou pou nou gen yon menm esperans lan, li rele nou tou pou nou fè yon sèl kò epi pou nou genyen yon menm Sentespri. 5Gen yon sèl Senyè, yon sèl fwa, epi yon sèl batèm. 6Gen yon sèl Bondye ki papa nou tout epi k ap renye sou nou tout. Li aji nan lavi nou tout, li nan nou tout.
7Kris la bay nou chak yon kado espesyal selon jan li te deside bay li. 8Se sa k fè Bib la di:
“Li te monte anwo nan syèl,
li mennen anpil prizonye avè l;
epi li fè pèp la anpil kado.”#Sòm 68:18.
9Lè l di: “Li monte,” kisa sa vle? Sa vle di li te desann nan kote ki pi fon anba tè a. 10Kris te desann, epi li monte anlè nèt nan syèl la, pou l ka ranpli tout bagay ak prezans li. 11Se Kris la menm ki bay kèk moun don pou yo sèvi kòm apot, kèk lòt don pou yo pwofèt, kèk lòt don pou yo preche Levanjil, epi kèk lòt don pou yo pastè ak pwofesè pou anseye pèp la. 12Kris bay don sa yo pou prepare pèp Bondye a pou yo ka sèvi nan ministè a, pou kò Kris la ka pi solid. 13Travay sa a dwe kontinye jouk nou ini ansanm nan sa nou kwè ak nan konesans nou konsènan pitit Bondye a. Objektif nou, se pou nou vin tankou kò yon moun ki byen grandi, byen devlope, pou nou vin sanble ak Kris la nan tout sans.
14Konsa, nou p ap tankou ti moun ki pako devlope ankò. Nou p ap moun k ap chanje lide tout tan, tankou yon bato vag lanmè ap pote. Nou pa pral kite nenpòt nouvo doktrin nou tande nan bouch moun enfliyanse nou. Moun sa yo se koken yo ye, yo sèvi ak tout kalite trik pou fè moun swiv move chemen. 15Okontrè, nou menm n ap di verite a nan lanmou. N ap kontinye grandi pou nou ka vin gen menm karaktè ak Kris la, nan tout sans. Kris se tèt la. 16Tout kò a depann de tèt la. Tout manm kò a ini, yo kole ansanm. Konsa, lè chak pati nan kò a fè travay li, jan pou l fè l la, sa fè tout kò a grandi, l ap devlope nan lanmou.
Men kijan pou n viv
17Se poutèt sa, nan non Senyè a, men sa m ap di nou: Fè atansyon pou nou pa kontinye viv menm jan ak moun ki pa kwè yo. Moun sa yo, panse ki nan tèt yo p ap mennen yo okenn kote. 18Lespri yo bouche, yo pa gen lavi Bondye bay la nan yo, paske yo inyoran epi kè yo di. 19Yo vin pèdi tout wont nan lespri yo, wont pou ta fè yo pa ta lage kò yo nan tout kalite vis. Okontrè, se tout kalite bagay sal yo vle fè pi plis. 20Men nou menm, se pa mòd lavi sa a nou te aprann, lè nou te vin jwenn Kris. 21Poutèt nou te tande pale de Jezi, epi yo te anseye nou verite a ki nan Kris la. 22Nou te aprann pou n abandone jan nou te konn viv lontan an, pou n debarase tèt nou anba ansyen lavi a ak vye dezi l yo k ap twonpe nou. 23Nou dwe pou n vin moun nouvo, ni nan kè nou ni nan panse nou. 24Kounye a, se pou nou viv tankou yon moun nouvo ki fenk kreye pou l tankou Bondye, jis epi sen toutbon vre.
25Kidonk, sispann bay manti. “Nou dwe toujou di youn lòt verite a,”#Zak 8:16. paske nou tout se manm nan menm kò a. 26“Si nou ta an kòlè, pa kite kòlè a fè nou peche,”#Sòm 4:4 (Vèsyon Grèk la). epi pa rete an kòlè tout jounen an jis pou n ta al dòmi konsa. 27Piga nou bay Satan chans ditou pou l pran avantaj sou nou. 28Moun ki gen abitid vòlè dwe sispann vòlè. Okontrè, se pou l travay di ak men l, pou l ka gen resous pou l pataje ak lòt moun ki nan bezwen.
29Lè n ap pale, piga nou janm di anyen pou fè moun mal, okontrè, se pou nou di bon bagay k ap ede moun grandi, pawòl ki vrèman beni nanm moun k ap tande nou yo. 30Epi tou, pa fè Sentespri Bondye a tris. Bondye ban nou Sentespri li tankou yon prèv se pou li nou ye vre epi tankou prèv tou l ap kenbe nou an sekirite jouktan jou delivrans lan rive. 31Retire tout move bagay sa yo nan lavi w: pa rete fache nan kè w ak moun ki fè w sa ki mal. Retire kòlè nan lavi w. Piga nou nan plede joure ni nan fè eskandal. Piga nou nan fè mechanste youn anvè lòt non plis. 32Okontrè se pou nou bon youn anvè lòt, pou nou gen konpasyon youn pou lòt. Se pou nou padone youn lòt, menm jan Bondye padone nou nan Kris.

Currently Selected:

Efez 4: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy