YouVersion Logo
Search Icon

Trav 9:23-43

Trav 9:23-43 VKF

Apre yon bon ti tan, kèk Jwif t ap fè plan pou touye Sòl. Lajounen kou lannuit yo t ap veye pòtay lavil la pou yo te ka touye Sòl. Men, Sòl limenm te gentan pran nouvèl la. Yon lè, nan mitan lannuit, kèk nan patizan Sòl yo te ede l sove kite vil la. Yo mete l nan yon panye epi yo file l desann dèyè miray lavil la. Apre sa, Sòl ale nan Jerizalèm. Li eseye asosye l ansanm ak lòt disip ki Jerizalèm yo, men disip yo te pè li. Yo pa t kwè Sòl te tounen yon patizan Jezikris toutbon vre. Men, Banabas limenm, li te aksepte Sòl epi li mennen l bay apot yo. Banabas rakonte yo kijan Sòl te wè Senyè a sou wout Damas la epi kijan Senyè a te pale ak Sòl. Anplis, li di yo kijan Sòl te preche Bòn Nouvèl Kris la nan lavil Damas avèk anpil konviksyon. Konsa, Sòl rete avèk disip yo. Li t ap fè ale vini ak yo nan tout Jerizalèm ap preche nan non Kris la avèk anpil konviksyon. Li te pale sitou ak Jwif ki te pale Grèk yo. Li te konn diskite ak yo. Konsa, yo t ap chache fè plan pou touye l. Lè disip yo tande koze konplo pou touye Sòl la, yo mennen Sòl Sezare. Pandan l Sezare, yo voye l ale lavil Tas. Lè sa a, legliz la te gen lapè, ni nan Jide, ni nan Galile, ni nan Samari. Kwayan yo te devlope nan lafwa yo gras ak konkou Sentespri a, yo te montre yo gen krentif pou Bondye nan jan y ap viv. De jou an jou legliz la t ap vin gen plis moun toujou. Pyè menm t ap vwayaje nan tout rejyon ozalantou Jerizalèm. Se kon sa li t al vizite kwayan yo nan lavil Lida. Lè l rive la, Pyè rankontre yon nonm yo rele Ene. Ene te paralize, sa te fè l pa t janm ka leve sou kabann li depi uit an. Pyè di l konsa: “Ene, Jezi geri w. Leve non, ranje kabann ou.” Lamenm, Ene leve kanpe. Tout moun yo ki t ap viv nan Lida ak nan plenn Sawon an te wè li, epi sa te fè yo tounen vin jwenn Bondye. Te gen yon dam ki te kwè nan Jezi nan vil Jope ki te rele Tabita. Nan lang Grèk la, yo te rele l Dòkas ki vle di “Gazèl”. Li te toujou fè byen anvè tout moun epi li te konn ede pòv yo. Pandan Pyè te nan lavil Lida, Tabita tonbe malad epi li mouri. Moun yo benyen kadav la epi yo mete l nan yon chanm anlè nan kay la. Disip ki Jope yo te pran nouvèl Pyè te nan lavil Lida. Lida ak Jope te toupre. Konsa, disip yo voye de mesye al kote Pyè pou al di l: “Tanpri, fè vit vini prese prese!” Pyè pati tousuit avèk mesye yo. Lè l rive, yo mennen l toudwat nan chanm anlè a. Tout vèv yo te kanpe bò kote Pyè nan chanm nan, yo t ap kriye. Yo montre Pyè yon bann chemiz ak rad Tabita te konn fè lè l te vivan nan mitan yo. Pyè fè tout moun yo soti. Li mete ajenou, li priye. Apre sa, li vire fas li bò kote mò a epi li di: “Tabita, leve!” Epi dam nan louvri je li. Lè l wè Pyè, li leve chita. Pyè ba l men pou ede l kanpe. Apre sa, Pyè rele lòt kwayan yo ansanm ak vèv yo, li montre yo Tabita byen vivan. Moun toupatou nan Jope te tande nouvèl sa k te pase a, kon sa anpil nan yo te mete konfyans yo nan Senyè a. Apre sa, Pyè rete nan lavil Jope pandan yon bon bout tan. Li te fè ladesant lakay yon bòs tanè yo te rele Simon.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy