YouVersion Logo
Search Icon

Trav 9:1-22

Trav 9:1-22 VKF

Pòl pa t sispann fè presyon pou l ta menm touye disip Senyè a. Konsa, l al kot pi gran sakrifikatè a, epi li mande l lèt otorizasyon pou l al nan sinagòg Damas yo. Li te vle pou pi gran sakrifikatè a ba l otorite pou l arete tout moun li ta jwenn nan Damas k ap swiv Kris. Nenpòt kwayan li ta jwenn nan Damas, fi tankou gason, pou l arete yo mennen Jerizalèm. Pandan Sòl te sou wout la, li te prèske rive Damas, lè yon gwo limyè soti nan syèl la flache Sòl. Menm kote a, Sòl tonbe atè, epi li tande yon vwa ki di l: “Sòl, Sòl, poukisa ou ap pèsekite m konsa?” Pòl di: “Kilès ou ye, Senyè?” Epi vwa a reponn: “Mwen se Jezi ou ap pèsekite a. Leve, antre nan vil la, se la yon moun va di w kisa ou dwe fè.” Mesye ki t ap vwayaje ak Sòl yo te kanpe la bouch be, poutèt yo tande vwa a, men yo pa t wè pèsonn. Apre sa, Sòl leve kanpe. Li louvri je l, men l pa wè. Konsa, mesye yo pran men li yo mennen l antre nan vil Damas. Sòl fè twa jou avèg epi li pa ni manje ni bwè anyen ditou. Te gen yon disip nan vil Damas ki te rele Ananyas. Senyè a pale ak Ananyas nan yon vizyon, li di l: “Ananyas!” Ananyas reponn: “Men mwen, Senyè.” Senyè a di Ananyas: “Leve, ale nan ri yo rele Ri dwat la, al chache kay Jida. Lakay Jida a, ou ap jwenn yon nonm yo rele Sòl, moun lavil Tas. Mesye sa a ap priye pandan m ap pale avè w la. Pandan l ap priye a, li wè yon nonm nan yon vizyon ki rele Ananyas. Nonm nan antre, li mete men l yo sou li epi li wè ankò.” Ananyas reponn: “Senyè, m tande deja nan bouch anpil moun kijan nonm sa a fè anpil mal kont pèp ki apa pou ou a nan Jerizalèm. Epi l vin isit la nan Damas avèk otorite gran prèt yo ba li pou l mare nenpòt moun ki di l se disip ou.” Men, Senyè a di Ananyas: “Al fè sa m di w la, paske nonm sa a se yon enstriman mwen chwazi pou rann temwanyaj pou mwen devan payen yo, devan wa yo ak tout pèp Izrayèl la. Paske mwen menm, m ap montre li kijan li dwe soufri poutèt non mwen.” Ananyas ale, li antre nan kay la, li mete men l sou Sòl, epi li di: “Sòl, frè mwen, Senyè a voye m pou ou kapab wè ankò epi pou ou ka ranpli ak Sentespri a. M ap pale de Jezikris, sila a ki te parèt devan w sou wout ou te pran pou mennen w isit la.” Menm kote a, yon bagay soti nan je Sòl tankou yon kal pwason, epi Sòl wè ankò. Apre sa, Sòl leve epi li fè yo batize li. Apre te fin manje, li vin gen fòs ankò. Sòl rete Damas pandan kèk jou ankò ansanm ak disip yo. San l pa t pran tan, li te kòmanse ale nan tout sinagòg yo ap pale de Jezi. Li t ap di moun yo, “Jezi se Pitit Bondye!” Tout moun ki te tande mesaj Sòl la te sezi. Yo t ap di: “Èske se pa nonm sa a ki t ap eseye detwi disip Kris yo nan Jerizalèm nan? Èske se pa pou menm rezon an li te vin isit la, pou l mare disip Kris yo mennen bay chèf prèt la?” Men, Sòl te vin pi maton toujou nan demontre Jezi se Mesi a, pa mwayen detay li t ap bay yo. Agiman Sòl yo te tèlman fò, Jwif ki te nan Damas yo te oblije bat ba devan l.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy