YouVersion Logo
Search Icon

Trav 7:44-60

Trav 7:44-60 VKF

Tabènak la, ki se tant SENYÈ a la, li te ansanm ak zansèt nou yo nan dezè a. Yo te fè l egzakteman jan Bondye te mande Moyiz fè l la, selon modèl Moyiz te wè a. Jenerasyon ki te fè tant lan te vin pase l bay jenerasyon ki te vin apre yo a, pami zansèt nou yo. Yo te gen tant lan ansanm ak yo lè Jozye t ap mennen yo antre nan peyi Bondye te pwomèt yo a, lè Bondye t ap chase pèp Kanaran yo devan yo a. Yo te kenbe tant sa a soti nan yon jenerasyon pou ale nan yon lòt jenerasyon jouk rive nan tan wa David la. David te jwenn favè devan Bondye. Li te menm mande Bondye pèmisyon pou l bati yon Tanp pou pèp Izrayèl la. Men se Salomon ki te bati Tanp lan pou SENYÈ a. Men, Bondye ki pi wo nan syèl la pa rete nan kay moun bati ak men yo. Men sa pwofèt la te di sou koze sa a: Senyè a di: Syèl la se twòn kote m chita, epi tè a menm se ti ban pou m lonje pye m. Ki kalite kay nou ta ka bati pou mwen? Èske m bezwen yon kote pou m repoze pou nou ta ka ofri m? Èske se pa mwen menm ki fè tout bagay sa yo ak men m?” Apre sa, Etyèn di lidè yo konsa: “Nou pa manke gen tèt di. Nou fèmen kè nou. Nou bouche zòrèy nou lè Bondye ap pale ak nou. Nou pa janm sispann kenbe tèt ak Sentespri Bondye a. Menm jan zansèt nou yo te ye a, se kon sa nou ye tou. Ki lès nan pwofèt yo zansèt nou yo pa t pèsekite? Yo touye tout pwofèt ki te anonse davans kijan Moun ki Jis la t ap vini. Kounye a, nou menm nou leve talon kont pitit Bondye a menm epi nou touye l. Se nou menm ki te resevwa lalwa Moyiz la Bondye te ban nou pa mwayen anj li yo, men nou pa obeyi lalwa sa a.” Lè lidè Jwif yo nan Gran Konsèy la tande pawòl sa yo nan bouch Etyèn, yo pa t manke fache kont li. Yo te tèlman ankòlè, yo manje dan sou Etyèn. Men Etyèn menm te anba pouvwa Sentespri a. Li leve je l anlè, li gade syèl la. Li wè Bondye Papa a nan tout glwa li, epi li wè Jezi, pitit la ki kanpe adwat papa a. Lè sa a, Etyèn di: Gade, mwen wè syèl la louvri, epi mwen wè Jezi, pitit lòm nan kanpe sou bò dwat Bondye. Konsa, tout moun ki te la yo tonbe fè yon pakèt gwo bri. Yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande sa Etyèn t ap di a, epi yo tout ansanm kouri sou li. Yo trennen Etyèn mete deyò lavil la, epi yo tonbe kalonnen l ak kout wòch. Moun ki t ap akize Etyèn yo te retire rad yo bay yon jenn gason yo te rele Sòl pou siveye yo. Pandan yo t ap kalonnen Etyèn anba kout wòch la, li menm li t ap lapriyè. Li t ap di: “Senyè Jezi, resevwa lespri mwen.” Apre sa, Etyèn tonbe ajenou, li rele byen fò, li di: “Senyè, tanpri pa mete peche sa a sou kont yo.” Fini l fin di sa a, Etyèn mouri.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy