YouVersion Logo
Search Icon

Trav 7:20-43

Trav 7:20-43 VKF

Se nan epòk sa a menm Moyiz te fèt. Se te yon bèl ti pitit devan Bondye. Yo te kache Moyiz pandan twa (3) mwa lakay papa l pou pran swen li. Finalman, lè yo oblije abandone l deyò, pitit fi Farawon an pran li. Prensès la elve Moyiz tankou pwòp pitit gason pa li. Konsa, Ejipsyen yo te anseye Moyiz tout sa yo te genyen kòm konesans nan sistèm edikasyon yo a. Moyiz te vin yon gwo save epi sa te parèt aklè nan tout sa l di ak tout sa l fè. Lè Moyiz te gen karant (40) an, li deside rann pèp li a yon vizit, m vle pale de pèp Izrayèl la. Je Moyiz al tonbe sou yon Ejipsyen ki t ap maltrete yon moun pèp Izrayèl la. Moyiz deside antre nan koze a pou rann izrayelit ki t ap sibi move trètman an jistis. Konsa, Moyiz touye Ejipsyen an. Moyiz te panse sa k pase a t ap ede pèp Izrayèl la konprann Bondye t ap sèvi ak li kòm enstriman pou delivre yo, men yo pa t konprann sa. Nan denmen, Moyiz retounen vin vizite pèp li a ankò. Fwa sa a, li wè de moun pèp Izrayèl la k ap goumen antre yo. Li t ap eseye fè yo rekonsilye. Li di yo: Mesye m yo, èske se pa frè nou ye? Pouki sa nou youn ap maltrete lòt konsa? Men, sa k t ap maltrete izrayelit parèy li a te pouse Moyiz sou kote. Epi li di Moyiz konsa: Ki lès ki mete w chèf sou nou pou pase nou lòd epi pou jije nou? Ou gen lè vle touye m menm jan ou te touye Ejipsyen an yè a? Lè Moyiz tande moun pèp Izrayèl la di pawòl sa a, li chape poul li. Li kouri kite peyi Lejip pou l al viv nan peyi Madyan kòm etranje. Pandan l nan peyi Madyan, Moyiz vin gen madanm epi se la li fè de pitit gason. Karant (40) an apre sa, pandan Moyiz te nan dezè ki bò mòn Sinayi a, yon anj parèt devan li nan mitan yon flanm dife ki t ap boule nan yon touf bwa. Lè Moyiz wè flanm dife a nan touf bwa a, sa te fè l sezi. Li pwoche pi pre pou wè sa k genyen. Lè sa a, li tande yon vwa ki pale. Se te vwa Senyè a. Senyè a di: Se mwen menm Bondye zansèt ou yo; Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb la. Moyiz te pran tranble, tèlman li te pè. Li pa t menm oze gade touf bwa a ankò. Senyè a di Moyiz ankò: Retire sapat ou nan pye w, paske kote ou kanpe a se yon tè ki apa pou mwen. Mwen wè tray pèp mwen an ap pase nan peyi Lejip. Mwen tande jan y ap plenn anba soufrans yo. Mwen desann pou m vin delivre yo. Kounye a, vini m voye w retounen nan peyi Lejip. Se menm Moyiz sa a pèp la te rejte lè yo te di: Ki lès ki mete w chèf pou gouvène nou epi pou jije nou? Se menm li menm nan Bondye voye pou l yon chèf sou yo ak yon sovè pou yo tou, avèk konkou anj ki te parèt devan li nan touf bwa a. Se Moyiz ki te mennen pèp la soti kite peyi Lejip. Li te fè anpil mirak ak anpil bèl bagay nan peyi Lejip la menm, devan lanmè wouj la, nan dezè a, pandan karant (40) ane. Se menm Moyiz sa a tou ki te di pèp Izrayèl la pawòl sa yo: Bondye gen pou l fè yon pwofèt parèt nan mitan nou. Se youn pami nou l ap ye tou, menm jan ak mwen. Se li menm ki te ansanm ak pèp Bondye a lè yo te nan dezè a. Li te nan dezè a ansanm ak zansèt nou yo ak anj Bondye a ki t ap pale ak li sou gwo mòn Sinayi a. Li te resevwa pawòl vivan an nan men anj lan pou l transmèt li ban nou. Men zansèt nou yo te refize obeyi Moyiz. Okontrè, yo te rejte otorite l. Sèl sa k te nan tèt yo, se pou yo ta tounen tounen yo nan peyi Lejip. Yo di Aawon konsa: Fè kèk lòt bondye pou nou ki pou mache devan nou pou dirije nou, paske Moyiz ki te mennen nou soti nan peyi Lejip la, nou pa konn sa k pase avè l. Konsa, yo fè yon zidòl ki gen fòm yon towo bèf. Apre sa, yo ofri sakrifis bay zidòl la. Se pa ti kontan yo te kontan pou zidòl yo te fè ak pwòp men pa yo a. Men Bondye vire do ba yo. Li lage yo pou yo kontinye sèvi latriye move lespri yo ki nan lè a. Men sa Bondye te di nan liv pwofèt yo: Nou menm pèp Izrayèl, èske se pou mwen nou te fè ofrann bèt ak lòt sakrifis, pandan karantan nou te pase nan dezè a? Se tant pou nou adore Molòk nou pote pito, epi pòtre zetwal ki reprezante Refan ansanm ak bann lòt imaj nou te fè pou n adore yo. Poutèt sa, m ap voye nou al chwe jouk lòtbò Babilòn.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy