YouVersion Logo
Search Icon

Trav 6

6
Yo chwazi sèt moun pou yon travay espesyal
1Kantite kwayan yo te kontinye ap ogmante chak jou pi plis. Nan menm tan sa tou, Jwif ki te fèt nan lòt peyi epi ki te pale grèk yo te tonbe plenyen kont Jwif ki te fèt nan Izrayèl epi ki te pale ebre yo. Yo t ap plenyen dèske vèv pa yo pa t jwenn anyen nan manje ki t ap separe chak jou a. 2Konsa, douz apot yo rasanble tout gwoup kwayan yo ansanm, epi yo di yo: “Li pa ta nòmal pou nou ta neglije travay anseye Bòn Nouvèl Bondye a pou n al okipe afè separe manje.
3Kidonk, frè nou yo, se pou nou chwazi sèt (7) frè pami nou ki gen bon repitasyon, ki anba pouvwa Sentespri a epi ki gen anpil sajès. Nou menm apot yo, n a mete moun nou chwazi yo responsab sèvis sa a. 4Konsa, nou menm, n ap kapab itilize tout tan nou pou n lapriyè epi anseye mesaj Bondye a.”
5Tout foul la te dakò nèt ak sa Apot yo te di a. Konsa, yo chwazi Etyèn, yon nonm ki te gen anpil lafwa nan Bondye epi ki te anba pouvwa Sentespri a. Anplis, yo te chwazi Filip,#6:5 Filip Sa a se pa menm Filip ki te apot la. Pwokò, Nikanò, Timon, Pamenas, ak Nikola. Nikola sa a se te yon moun lavil Antyòch ki te konvèti nan relijyon Jwif yo, anvan menm li te kwè nan Jezikris. 6Yo prezante mesye yo devan apot yo. Apot yo lapriyè epi yo mete men sou tèt#6:6 mete men sou tèt Se te yon fason pou mande Bondye beni moun yon fason espesyal pou l geri yo, pou l fè Sentespri a desann sou yo oubyen pou l ba yo pouvwa pou fè yon travay espesyal. mesye yo.
7Ansèyman mesaj Bòn Nouvèl la te kontinye gaye toupatou. Epi gwoup kwayan nan Jerizalèm yo pa t sispann ogmante. Ata sakrifikatè yo te vin mete konfyans yo nan Kris la pa ban ak pa pakèt.
Kèk nan Jwif yo tonbe fè diskisyon ak Etyèn
8Bondye te beni Etyèn anpil. Bondye te ba li anpil puisans, konsa, li t ap fè anpil bèl bagay ak anpil mirak nan mitan pèp la. 9Malgre sa, te gen yon gwoup moun ki leve kont li. Se yon gwoup moun ki soti nan sinagòg yo te rele sinagòg ansyen esklav yo.#6:9 ansyen esklav yo Jwif ki te esklav osinon papa yo ki te esklav, men kounye a yo lib. Ladan yo, te gen Jwif ki soti lavil Sirèn, sa k soti Aleksandri, sa k soti nan peyi Silisa ak lòt ki soti nan Lazi. Yo tout te tonbe fè diskisyon ak Etyèn. 10Mesye yo pa t gen agiman pou kenbe tèt ak Etyèn, paske se Sentespri a ki te ba l sajès pou l di sa l t ap di yo.
11Lè Jwif yo wè yo pa t ka gen rezon sou Etyèn, yo peye kèk moun anba anba pou y al fè fo temwanyaj kont Etyèn, pou y al di: “Nou tande l ap pale Moyiz ak Bondye mal!” 12Konsa, Jwif yo resi monte tèt ni pèp la, ni chèf fanmi yo, ni doktè lalwa kont Etyèn. Yo vin fache kont li. Y al kote Etyèn te ye a, yo poze lapat sou li epi yo mennen l vin devan Gran Konsèy la.
13Yo mennen fo temwen tou ki vin di: “Nonm sa a pa sispann pale Tanp sa ki apa pou Bondye a ak lalwa nou an mal. 14Nou tande l ap di Jezi, nonm Nazarèt la, gen pou l kraze Tanp sa a epi l ap chanje tout koutim Moyiz te kite pou nou yo.” 15Tout manm Gran Konsèy la te gen je yo fikse sou Etyèn. Pandan y ap gade l konsa, yo wè figi l sanble ak figi yon anj Bondye.

Currently Selected:

Trav 6: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy