YouVersion Logo
Search Icon

Trav 5:17-42

Trav 5:17-42 VKF

Lè pi gran sakrifikatè a ansanm ak kolonn patizan l yo, nou vle pale de Sadiseyen yo, wè sa apot yo t ap fè yo, yo vin gen yon sèl jalouzi ki monte yo. Yo fè arete apot yo epi mete yo nan prizon. Yon anj Bondye vini nan mitan lannuit, li louvri pòt prizon an, li kondui apot yo soti deyò epi li di yo: “Retounen al kanpe nan mitan Tanp lan, epi anonse pèp la tout bagay sou jan yo dwe viv kounye a nan nouvo lavi sa a.” Tande apot yo fin tande sa, yo te fè sa yo te tande a. Depi byen bonè nan maten, apot yo te gentan rive nan Tanp lan epi yo t ap anseye pèp la. Pi gran sakrifikatè a ansanm ak patizan l yo te konvoke yon reyinyon pou Gran Konsèy la ansanm ak lidè ki pi ansyen yo. Yo voye chache apot nan prizon an mennen bay yo. Lè gad yo rive nan prizon an, yo pa jwenn Apot yo. Yo tounen nan reyinyon an vin rapòte sa k pase a. Men sa yo di konsèy la: “Tout pòt prizon an te byen fèmen ak kle. Gad yo te byen poste devan pòt prizon jan sa dwe fèt. Men, lè nou louvri pòt prizon an, li te vid, nou pa jwenn pèsonn anndan l.” Lè kòmandan lagad tanp lan ansanm ak sakrifikatè an chèf la tande pawòl sa yo, yo tonbe nan konfizyon. Yo poze tèt yo kesyon sou sa k pase a. Apre sa, yon moun vin di yo konsa: “Men m wè mesye yo nou te met nan prizon an kanpe nan Tanp lan ap anseye pèp la wi.” Kòmandan lagad la ansanm ak mesye l yo soti al chache apot yo, yo pa t fè vyolans sou yo, paske yo te pè pou pèp la pa t kalonnen yo ak kout wòch. Lè mesye yo vini ak apot yo, yo mete yo kanpe devan Gran Konsèy la epi pi gran sakrifikatè a te pran poze yo kesyon. Pi gran sakrifikatè a di yo: “Èske nou pa t defann nou pale nan non nonm sa a? Epoutan, gade sa nou fè, nou ranpli tout Jerizalèm ak ansèyman nou yo epi nou vle rann nou menm lidè yo responsab lanmò li.” Men, Pyè ansanm ak lòt apot reponn yo di: “Se Bondye nou dwe obeyi, pase pou n obeyi moun. Nou te klouwe Jezi sou yon kwa epi nou touye li. Men Bondye zansèt nou Abraram, Izarak ak Jakòb te konn sèvi a, fè l leve vivan ankò. Se li menm Bondye fè monte nan syèl la vin chita sou bò dwat li. Li fè l tounen chèf nou ak sovè nou. Bondye fè sa pou l ka ofri pèp Izrayèl la yon okazyon pou l tounen vin jwenn Bondye, pou l ka resevwa padon pou peche l yo. Nou menm k ap pale avèk ou la a, nou se temwen tout bagay sa yo. Sentespri a Bondye bay tout moun ki chwazi obeyi l yo, li kapab jistifye tout bagay sa yo tou.” Lè lidè ki te nan Konsèy la tande pawòl sa yo, yo te tèlman fache jouk yo te rive pran desizyon pou yo te fini ak apot yo. Konsa, youn nan manm Konsèy la leve kanpe. Se te yon farizyen yo te rele Gamalyèl. Nonm sa a se te yon pwofesè lalwa tou epi tout pèp la te respekte. Li mande pou yo fè apot yo fè yon ti soti pou yon ti moman pou l ka di sa l gen pou di a. Gamalyèl di konsa: “Mesye frè m yo, fòk nou pran tèt nou byen wi, anvan nou fè sa nou gen entansyon fè ak mesye yo. Nou sonje, pa twò lontan, yon nonm ki te rele Tedas ki te parèt ap pran pòz li se kichòy. Te gen katsan (400) moun ki te met tèt ansanm ak li. Men Tedas mouri epi gwoup la gaye. Mouvman an tou mouri mouri l tou. Apre sa ankò, nan peryòd resansman an, te gen yon nonm ankò ki te rele Jida ki te parèt nan Galile. Li te gentan pran tèt yon bann moun ki te tonbe ap mache ak li. Men Jida mouri epi tout moun ki te avè l yo te gaye tou. Se poutèt sa m ap mande nou pou n kite mesye sa yo anrepo. Nou pa bezwen mete men sou yo. Paske si sa y ap fè a se bagay lèzòm, li p ap rive lwen. L ap kraze poukont li. Men, si sa y ap fè a soti nan Bondye, nou p ap ka kraze li. Fò n fè atansyon pou n pa tonbe nan goumen ak Bondye, paske nou pa ta vle sa. Tout manm konsèy la te dakò ak sa Gamalyèl te di a.” Konsa, yo fè apot yo retounen antre. Yo fè ba t yo byen bat. Yo fè presyon sou yo pou yo pa kontinye pale nan non Jezi. Apre sa, yo lage yo. Apot yo ale kite Konsèy Jwif yo. Yo t ap rejwi nan kè yo dèske Bondye te wè yo diy pou yo sibi lawont kon sa pou non Jezi. Chak jou ki pase, Apot yo te nan Tanp lan epi yo te mache kay an kay tou. Yo pa t janm sispann anseye sa Bib la di epi preche Bòn Nouvèl konsènan Jezikris la.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy