YouVersion Logo
Search Icon

Trav 5:1-16

Trav 5:1-16 VKF

Te gen yon nonm yo te rele Ananyas ansanm ak madanm li Safira. Ananyas te vann byen pa l tou. Men, li menm ak madanm li deside sere yon pati nan kòb la, epi li pote rès la bay apot yo. Pyè di li: “Ananyas, poukisa ou kite Satan ranpli kè w konsa? Ou sere nan kòb jaden an epi ou vin bay Sentespri a manti? Anvan ou te vann jaden an, se jaden w li te ye. Menm lè ou fin vann li, ou te ka fè sa ou vle ak kòb la. Ki jan ou fè kite yon bagay kon sa monte nan tèt ou pou ou fè? Se pa yon moun non ou bay manti, men se Bondye.” Tande Ananyas fin tande pawòl sa yo nan bouch Pyè, li tonbe bip, li mouri. Sa te simen yon gwo lapèrèz nan lespri tout moun ki te tande sa. Lè Ananyas mouri a, kèk jenn gason ki te la vin vlope kò a, yo pote l ale deyò, yo antere li. Yon twazèdtan apre sa, Safira vin rive. Li pa t ko menm aprann nouvèl lanmò mari l la. Pyè di Safira konsa: “Èske se pou kantite kòb sa a nou vann tè a?” Safira reponn: “Wi, se pou kantite sa a.” Lè sa a, Pyè di li: “Poukisa ou menm ak mari w met tèt ansanm pou nou twonpe Sentespri Senyè a? Tande byen wi, men moun ki sot antere mari w la nan pòt la ap tounen, y ap tou resoti avèk ou menm jan an.” Lamenm, Safira tonbe atè devan pye Pyè, li mouri. Lè jenn gason yo antre, yo jwenn li gentan mouri. Yo pote li ale, epi yo antere l akote mari li. Sa k te pase a te fè gwo lapèrèz anvayi tout kwayan yo nan legliz la, ak sou tout lòt moun ki te tande nouvèl la. Apot yo t ap fè anpil mirak ak anpil gwo mèvèy pami pèp la. Yo tout te reyini ansanm anba yon galeri nan tanp lan yo rele galeri Salomon epi yo tout te gen menm objektif nan travay la. Nan lè sa a, pèsonn nan rès pèp la pa t vle mele ak apot yo, apa moun ki te kwè yo. Epoutan, se tout pèp la nèt ki t ap pale byen de yo. Anpil anpil moun te vin ogmante gwoup kwayan yo, fi tankou gason, paske yo te kwè nan Senyè a. Pèp la te vin tonbe nan bwote moun malad vin mete kouche bò lari a, sou kabann oswa sou nat, yon fason pou lè Pyè vin ap pase, menm lonbray Pyè ta pase sou kèk nan yo. Anpil anpil moun te vini soti nan tout bouk ozalantou Jerizalèm yo. Yo te mennen anpil malad ansanm ak moun ki te gen move lespri sou yo, yo tout nèt te geri.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy