YouVersion Logo
Search Icon

Trav 4:1-22

Trav 4:1-22 VKF

Pandan Pyè ak Jan t ap pale ak foul la konsa, yon pakèt lidè Jwif ki te gen kèk prèt ladan yo, kòmandan lagad ki t ap siveye tanp lan ansanm ak kèk Sadiseyen te vin parèt kote yo te ye a. Lidè sa yo te fache anpil dèske Pyè ak Jan t ap anseye pèp la, dèske yo t ap pale pèp la de Jezi epi fè yo konnen moun mouri kapab leve vivan ankò menm jan ak Jezi. Konsa, lidè yo arete Pyè ak Jan epi yo mete yo nan prizon. Kòm solèy te gentan fin kouche, mesye yo pase nuit la nan prizon an pou tann demen. Malgre sa, anpil nan moun ki t ap koute Pyè ak Jan yo te mete konfyans yo nan Jezi. Sa te fè kantite kwayan yo te rive jouk nan senk mil (5,000) konsa. Nan demen, chèf Jwif yo, lidè yo ki pami pèp la ansanm ak Skrib yo, yo tout te rasanble nan Jerizalèm. Nan moun ki te la yo, te gen Àn, chèf prèt la, te gen Kayif, Jan, Aleksann, ansanm ak yon bann lòt moun ankò ki nan branch fanmi chèf prèt la. Yo mete Pyè ak Jan kanpe nan mitan epi yo tonbe poze yo kesyon. Yo mande yo pou yo di ak ki pouvwa osinon nan non ki lès yo geri nonm kite paralize a. Lè sa a, Pyè te vin twouve l anba kontwòl Sentespri a epi li di yo: “Nou menm chèf yo ansanm ak lidè pami pèp Izrayèl la. Gade se nou menm jodi a k ap poze nou kesyon sou byen nou fè pou nonm ki te estwopye a. Nou bezwen konnen kijan li fè geri? Enben se pou nou tout ki la a, ansanm ak tout pèp Izrayèl la, se pou nou konnen se nan non Jezikris, nonm Nazarèt, la li geri. Nou te klouwe l sou kwa a, men Bondye fè l leve soti vivan nan lanmò. Se poutèt pouvwa Jezikris nonm sa a kanpe an sante devan nou jodi a. Jezi se wòch nou te voye jete pou pa bon an, nou menm ki t ap bati kay la, men, li tounen wòch kwen an, wòch ki pi enpòtan an. Pa gen delivrans nan pyès lòt moun, eksepte nan Jezi sèlman. Paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè ki kapab delivre moun. Se Jezi sèl ki ka delivre nou.” Chèf Jwif yo pa t manke sezi lè yo te wè kijan Pyè ak Jan t ap pale avèk konviksyon, sitou lè yo vin reyalize mesye sa yo se pa moun ki te gen gwo enstriksyon ni okenn fòmasyon espesyal. Amplis, yo te vin reyalize Pyè ak Jan te ansanm avèk Jezi. Lidè Jwif yo pa t jwenn anyen pou reponn Pyè ak Jan sou sa yo te di yo, paske yo te wè nonm ki te geri a kanpe la, bò kote yo. Konsa, yo kòmande Pyè ak Jan pou yo soti epi Gran Konsèy la menm te toujou reyini ap reflechi ansanm sou kisa pou yo ta fè. Yo t ap di: “Ki sa pou nou fè ak mesye sa yo menm? Paske li klè pou tout moun k ap viv nan Jerizalèm se yo menm ki te fè gwo mirak sa a. Sa k pi rèd la, nou pa ka di se pa vre. Men, pou nou ka anpeche bagay la kontinye gaye, nou ka fè presyon sou yo pou yo pa kontinye pale nan non nonm sa a ak pèsonn moun ankò.” Apre sa, yo rele apot yo, yo pase yo lòd sevè pou yo pa janm preche ni anseye moun nan non Jezi ankò. Men, Pyè ak Jan reponn Gran Konsèy la, yo di yo: “Ki sa nou panse Bondye ta vle, pou n obeyi nou osinon pou n obeyi Bondye? Nou pa ka pe bouch nou, nou pa ka pa rakonte sa nou te wè ak sa n te tande.” Malgre sa, lidè Jwif yo bay Pyè ak Jan kèk presyon toujou epi yo lage yo. Yo pa t ka jwenn okazyon pou pini mesye yo poutèt pèp la. Se tout pèp la ki t ap fè lwanj pou Bondye poutèt gwo mirak mesye yo te fè a. Nonm ki te geri pa mwayen mirak apot yo te fè a te gen plis pase karant (40) an.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy