YouVersion Logo
Search Icon

Trav 3

3
Pyè geri yon mandyan ki te estwopye
1Yon jou, Pyè ak Jan t ap monte nan Tanp lan vè twazè nan apremidi. Se nan lè sa yo te konn fè lapriyè nan Tanp lan.#3:1 Nan tan ansyen yo, Jwif yo te genyen twa moman pou yo te priye. Gen moun ki panse se te a nevè nan maten, a midi, epi a twazè nan apremidi. Gen lòt moun menm ki panse moman yo te pi jeneral (maten, apremidi epi aswè), epi lè sezon yo te chanje, moman sa yo te chanje tou. Gade nan Sòm 55:17 epi Dan 6:10. 2Vwala te gen yon nonm ki te estwopye depi l fèt ki te bò pòt kote yo t ap antre a. Yo te rele pòt sa a “Bèl pòt la.” Se chak jou yo te pote nonm nan pou yo vin depoze l bò pòt sa a pou l ka mande moun k ap antre nan Tanp lan lacharite. 3Lè nonm nan wè Pyè ak Jan t apral antre nan Tanp lan, li mande yo lacharite.
4Men, Pyè ak Jan gade nonm nan fiks epi Pyè di li: “Gade nou!” 5Nonm estwopye a gade mesye yo. Li te met nan tèt li yo t apral ba l yon ti kòb. 6Konsa, Pyè di li: “Mwen pa gen ni lajan ni lò pou m ba ou, men sa m genyen an, se li m ap ba ou. Nan non Jezikris, moun Nazarèt la,#3:6 moun Nazarèt la Oubyen “Nazareyen an”, se te yon moun ki te rete nan lavil Nazarèt. Se yon non ki sonnen tankou yon mo Ebre ki vle di “branch”. Konsa, li posib pou se yon alizyon yo fè ak pwomès pou yon branch nan fanmi David. Gade nan Eza 11:1; Jer 23:5; 33:15; Zak 3:8; 6:12. leve w mache.”
7Apre sa, Pyè pran men dwat nonm estwopye a, li fè l kanpe. Menm kote a, pye li ansanm ak zo nan je pye l yo vin byen fèm. 8Nonm nan fè yon sèl sote, li kanpe sou de pye l, epi li kòmanse mache. Li antre nan Tanp lan ansanm ak Pyè ak Jan, l ap mache, l ap ponpe, l ap fè lwanj pou Bondye. 9Tout moun ki te la yo te wè nonm nan ap mache, ap fè lwanj pou Bondye. 10Yo te wè aklè se te menm nonm sa a ki te konn chita bò Bèl pòt Tanp lan ap mande lacharite a. Sa te fè yo sezi, yo te etone wè sa k pase a.
Pyè pale ak pèp la
11Depi nonm nan te fin geri a, li pa t janm lache Pyè ak Jan yon may. Tout moun yo te sezi wè sa k te pase a epi yo te vin rasanble devan Pyè ak Jan, anba galeri Salomon an nan Tanp lan.
12Lè Pyè wè atitid pèp la, li di yo konsa: “Nou menm moun peyi Izrayèl, poukisa nou sezi kon sa a pou sa k pase a? Poukisa n ap gade nou kòmsi se ta nou menm ak pwòp puisans pa nou nou fè nonm nan leve mache, osinon paske nou bon devan je Bondye? 13Se Bondye Abraram nan, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb la, Bondye zansèt nou yo ki glorifye Jezi, sèvitè l la. Se menm Jezi sa a nou te lage nan men otorite yo, se li menm nou te nye devan Pilat la, malgre Pilat te dispoze lage l. 14Nou te rejte Jezi, moun Bondye te chwazi a epi ki te mennen bak li byen devan Bondye. Nou te pito mande Pilat pou l lage yon kriminèl#3:14 kriminèl Jwif yo te pito chwazi Barabas nan plas Jezi. Gade nan Lik 23:18. ban nou olye pou l ta lage Jezi. 15Se kon sa nou te touye Jezi, li menm ki bay lavi. Men Bondye te fè l leve soti vivan pami mò yo. Nou menm nou se temwen tout bagay sa yo.
16Se lafwa nan Jezi ki fè nonm sa a nou wè la a, nonm nou tout konnen ki te paralize a, jwenn gerizon. Se lafwa nan Jezi ki fè l geri nèt kon sa a epi l ap mache devan je nou tout.
17Frè m yo, mwen rekonèt nou te touye Jezi, paske ni nou menm ni otorite nou yo pa t konnen sa nou t ap fè a byen. 18Men, Bondye te gentan anonse tout bagay sa yo deja pa mwayen pwofèt li yo depi lontan. Li te gentan di Kris la te gen pou l soufri epi mouri, se bagay sa yo ki rive vre. 19Kidonk, nou dwe chanje lide nou parapò ak jan nou t ap mennen bak nou, tounen vin jwenn Bondye pou l ka padone peche nou yo. 20Lè sa a, Bondye va ban nou repo espirityèl pou nanm nou devan Li. L ap voye Jezikris, moun Bondye chwazi a, ban nou ankò.
21Men, li nesesè pou Jezi rete nan syèl la jouktan lè a rive pou Bondye Papa a restore yon relasyon ki dwat ant Bondye ak limanite. Bondye te pale de gran restorasyon sa a depi byen lontan deja nan bouch pwofèt li yo. 22Sou koze sa a, men sa Moyiz te ekri: Senyè Bondye nou an ap voye yon pwofèt ban nou menm jan li te voye m nan. Se youn nan pami nou l ap ye. Nou fèt pou n bay tout pawòl li di nou yo valè. 23Nenpòt moun ki refize koute pwofèt sa a, y ap touye li. Y ap retire li nèt pami pèp Bondye a.#Det 18:15, 19.
24Depi pwofèt Samyèl, pase pran tout lòt pwofèt ki te vin apre l yo, yo tout te anonse tan sa t ap vini. 25Mesaj sa yo Bondye te fè pwofèt li yo anonse, se pou nou menm moun Izrayèl yo ye, epi tou nou gen pòsyon pa nou nan kontra Bondye te fè avèk zansèt nou yo. Men sa Bondye te di Abraram: Akoz pitit ou yo, tout fanmi sou latè va jwenn benediksyon.#Jen 22:18; 26:24. 26Se kon sa Bondye voye Jezi, sèvitè l la. Li voye l ban nou an premye, pou l beni nou epi pou l fè nou kite move fason nou t ap viv la.”

Currently Selected:

Trav 3: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy