YouVersion Logo
Search Icon

Trav 23:12-35

Trav 23:12-35 VKF

Nan demen maten, kèk nan Jwif yo monte yon konplo pou yo touye Pòl. Yo te menm fè yon ve devan Bondye yo pa t ap ni manje ni bwè anyen jouktan yo touye Pòl. Te gen plis pase karant Jwif ki t ap prepare konplo sa a kont Pòl. Jwif sa yo t al jwenn chèf prèt yo ansanm ak ansyen lidè yo, yo di yo: “Nou fè sèman sou tèt nou pou nou pa ni manje ni bwè toutotan nou pa touye Pòl. Kidonk, nou menm, se pou nou aranje nou ak Gran konsèy la pou n al mande kòmandan an pou l mennen Pòl devan nou, sou pretèks nou bezwen poze l kèk kesyon toujou. Nou menm, nou pare pou n gentan touye l depi nan wout, anvan menm li rive devan nou.” Men, yon neve Pòl, pitit sè li, tande koze konplo a ap pale. L al nan kazèn nan, l al mete Pòl okouran. Konsa, Pòl rele youn nan ofisye sòlda yo, li di l: “Mennen ti jenn nonm sa a kot kòmandan an. Li gen yon mesaj pou li.” Konsa, ofisye a mennen neve Pòl la bay kòmandan an. Ofisye a di kòmandan an: “Prizonye yo rele Pòl la mande m pou m mennen ti jenn nonm sa a ba ou, paske li gen yon mesaj pou ou.” Kòmandan an mennen ti jenn nonm nan yon kote apa pou l ka alèz pou l pale; epi kòmandan an mande l: “Ki sa ou gen pou di m nan?” Neve Pòl la di kòmandan an konsa: “Gen kèk Jwif ki deside mande w pou mennen Pòl devan Gran konsèy Jwif yo demen sou pretèks yo bezwen poze l kèk kesyon toujou. Pa kwè yo! Gen plis pase karant Jwif k ap kache pou veye Pòl nan wout la pou yo touye l. Yo sèmante sou tèt yo pou yo pa ni manje ni bwè anyen jouktan yo touye Pòl. Se tann y ap tann pou w ta di wi w ap mennen Pòl desann.” Kòmandan an mande ti jenn nonm nan pou l pa di pèsonn si l te mete l okouran de konplo a, epi li voye l ale. Kòmandan an rele de (2) ofisye lame a epi li di yo: “Prepare 200 sòlda, 70 kavalye ansanm ak 200 gèrye ame ak lans pou yo pati pou lavil Sezare aswè a menm a nevè diswa. Prepare kèk cheval tou pou Pòl pou nou ka mennen l bay gouvènè Feliks pou mwen sen epi sof.” Apre sa, kòmandan an ekri yon lèt. Men sa k te ladan l: Klod Lizyas, voye bonjou pou chèf li gouvènè Feliks. Jwif yo te mete men sou nonm sa a m voye ba ou a, yo te menm ap chache touye l. Men, lè m vin konnen se sitwayen Women l ye, m antre nan foul la ansanm ak sòlda m yo, nou delivre l. M te kirye pou m konnen ki akizasyon yo te gen kont li, sa te fè m fè yo mennen l devan Gran Konsèy Jwif yo. M vin aprann yo t ap repwoche l kèk bagay, men sa yo se bagay ki gen pou wè ak lalwa yo a, men pa t gen anyen ki pou ta fè nonm sa a merite ni prizon ni lanmò. Yo te aprann mwen tou te gen kèk Jwif ki t ap marinen yon konplo pou asasinen l. Konsa, m deside voye l ba ou. M di Jwif yo tou pou yo di w ak bouch pa yo kisa yo genyen kont li. Sòlda yo te fè egzakteman sa kòmandan an te pase yo lòd fè a. Yo pran Pòl, epi nan lannuit lan menm, yo mennen l nan lavil Antipatris. Nan landmen, kavalye yo kontinye wout la ak Pòl ale Sezare; sòlda yo menm, ansanm ak gèrye ki te ame ak lans yo te retounen nan vil Jerizalèm. Lè kavalye yo rive Sezare, yo remèt lèt la bay gouvènè Feliks epi yo prezante Pòl ba li. Lè Feliks fin li lèt la, li mande Pòl: “Nan ki pwovens ou soti?” Gouvènè a vin aprann Pòl soti Silisi. Lè sa a, li di Pòl: “M ap gen pou tande ka w la lè Jwif k ap akize w yo va rive.” Apre sa, gouvènè a pase lòd pou yo fèmen Pòl nan palè Ewòd la.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy