YouVersion Logo
Search Icon

Trav 21:17-40

Trav 21:17-40 VKF

Lè nou rive Jerizalèm, frè ak sè yo te resevwa nou avèk anpil jwa. Nan demen, Pòl te pran nou tout avèk li pou n al lakay Jak. Tout lidè legliz yo te reyini kay Jak la tou. Apre l fin salye yo, Pòl tonbe rakonte yo an detay tout sa Bondye fè pa mwayen ministè li nan mitan moun ki pa Jwif yo. Apre lidè yo fin tande Pòl, yo bay Bondye glwa. Apre sa, yo di Pòl konsa: “Frè nou, ou wè ki kantite Jwif ki vin kwè nan Kris la kòm sovè; epoutan, yo tout trè zele pou lalwa Moyiz la toujou. Yo fè yo konnen ou anseye Jwif k ap viv pami moun lòt nasyon yo pou yo sispann obsève lalwa Moyiz la. Yo aprann ou di moun yo pou yo sispann sikonsi timoun yo epi pou yo sispann swiv lòt koutim yo tou. Ki sa pou n ta fè la menm? Paske kwayan Jwif yo p ap pran tan pou yo konnen ou rive isit la. Oke, n ap di w sa pou w fè: Gen kat mesye pami nou ki fè yon ve. Pran mesye sa yo avè w epi patisipe nan seremoni pirifikasyon y ap fè pou mete tèt yo nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye a. Pran responsabilite pou w peye depans pou yo koupe cheve yo. Sa ap fè tout moun wè sa yo te tande moun di sou ou yo se pa t verite a. Y a wè ou pratike lalwa Moyiz la nan pwòp lavi pa w tou. Pou sa k konsène payen ki vin kwè nan Jezikris yo, nou menm nou te jije bon pou n voye yon lèt ba yo pou di yo bagay sa yo: Yo pa dwe manje vyann bèt yo te touye pou ofri bay zidòl. Yo pa dwe manje vyann bèt ki te mouri toufe osinon vyann ki ak tout san ladan yo. Egzante tout kalite peche seksyèl.” Pòl te chwazi pran kat mesye yo avèk li vre. Nan demen, li te patisipe vre nan seremoni yo t ap fè pou mete tèt yo nan kondisyon pou sèvi Bondye a. Apre sa, Pòl antre nan lakou Tanp lan pou l al anonse ki lè peryòd pirifikasyon an t ap fin i. Nan dènye jou a, yo t ap gen pou prezante yon of rann pou chak mesye yo. Lè peryòd sèt jou a te prèske fin i, yon kolonn Jwif ki te soti an Azi epi ki te wè Pòl nan lakou tanp lan, tonbe monte tèt foul la. Konsa, yo mete men sou Pòl. Yo tonbe rele byen fò: “Moun ras Izrayèl yo, vin ban nou konkou! Men nonm k ap pwonmennen anseye yon pakèt bagay kont pèp nou an, kont lalwa Moyiz la ak kont Tanp nou an tou. Kounye a men l mennen Grèk, moun ki pa Jwif vin antre nan Tanp lan pou fè yo pwofane espas sakre sa a.” (Jwif yo te di pawòl sa yo paske yo te wè Twofim ansanm avèk Pòl nan Jerizalèm. Twofim te moun lavil Efèz. Jwif yo te panse Pòl te antre nan lakou Tanp lan avè l.) Tout moun nan vil la k te tande koze a te vin fache anpil epi yo t ap kouri sot nan tout direksyon vin nan Tanp lan. Yo mete men sou Pòl, yo trennen l soti deyò espas lakou Tanp lan kote ki sakre a, epi yo fèmen baryè yo tousuit. Foul la t ap chache yon jan pou touye Pòl, lè kòmandan batayon Women an jwenn nouvèl la. Li te tande tout lavil la nèt tèt anba. Rapid rapid, kòmandan batayon an te pran kèk ofisye ansanm ak kèk sòlda, li kouri desann kote foul la te rasanble a. Lè foul la wè kòmandan batayon an ansanm ak kèk ofisye epi ak sòlda yo, yo sispann bay Pòl kou. Lè sa a, kòmandan batayon an avanse sou Pòl, li arete l. Li bay lòd pou yo mare Pòl ak de chenn. Apre sa, li mande: “Ki lès nonm sa ye? Ki mal li fè?” Nan mitan foul la, moun yo t ap rele byen fò. Yon gwoup t ap di yon bagay, yon lòt gwoup t ap di yon lòt bagay. Lè kòmandan an wè li p ap konprann anyen nan tout woywoy sa a, li bay lòd pou yo mennen Pòl nan kazèn nan. Lè yo rive sou mach eskalye yo avèk Pòl, sòlda yo te oblije pote l, tèlman foul la te vin vyolan. Paske se tout foul la nèt ki t ap swiv li epi k t ap rele byen fò: “Touye l!” Pandan yo t apral antre nan kazèn nan, Pòl di kòmandan an konsa: “Èske m ka di w yon bagay?” Kòmandan an di l: “O, apa ou pale Grèk? Enben si se pou sa, ou pa moun m te panse w ye a? M te panse se te Ejipsyen ki te lakòz soulèvman kont gouvènman an fwa pase a wi; nonm ki te mennen kat mil (4,000) bandi ame ansanm avè l nan dezè a.” Pòl reponn li: “Mwen menm mwen se yon Jwif ki soti lavil Tas, nan peyi Silisi. Se la m soti, nan yon vil ki gen kalite bon renome w konnen an. Silvouplè, ban m pèmisyon pou m pale ak pèp la.” Kòmandan an bay Pòl pèmisyon pou l pale. Pòl kanpe sou mach la, epi li fè yon jès ak men li pou foul la ka fè silans. Lamenm, vin gen yon gwo silans nan foul la, epi Pòl pale avèk yo nan lang Ebre.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy