YouVersion Logo
Search Icon

Trav 20:17-38

Trav 20:17-38 VKF

Men, lè Pòl rive nan Milè, li voye chache lidè ki responsab nan legliz Efèz yo pou yo vin kote l. Lè yo vini, Pòl di yo konsa: “Nou tout nou konnen kijan m te toujou mennen bak mwen byen nan mitan nou depi jou m te rive an Azi a. Jwif yo t ap fè konplo kont mwen, epi sa te mete m nan sitiyasyon difisil. Men nou konnen m te toujou ap sèvi Senyè a, menmsi gen kèk fwa se ak dlo nan je. M te toujou fè tout sa avèk anpil imilite. M te toujou fè tout sa ki bon pou nou. M te toujou anonse nou Bòn Nouvèl la devan tout moun, an piblik, epi m te anseye nou tout bagay nan kay yo tou. M te toujou egzòte tout moun, Jwif tankou Grèk, pou yo chanje jan y ap viv la epi pou yo tounen vin jwenn Bondye. M te toujou mande yo pou yo mete konfyans yo nan Jezi, Senyè nou an. Men, kounye a, Sentespri a ap ankouraje m pou m al Jerizalèm. M pa konnen sa k pra l rive m lòtbò a ditou. Sèl sa m konnen, nan chak vil mwen pase, Sentespri a avèti m anpil soufrans ak menm prizon ap tann mwen la. Men, pou mwen menm, m pa gade lavi m tankou yon bagay enpòtan pou m chache pwoteje. Sa k pi enpòtan pou mwen se pou m fè travay Senyè Jezi banm fè a, pou m anonse Bòn Nouvèl konsènan gras Bondye ap ofri moun nan. Kounye a, koute byen sa m ap di nou. M konnen okenn nan nou la a p ap janm wè m ankò. Pandan tout tan m te nan mitan nou an, m te toujou preche nou mesaj konsènan wayòm Bondye a. Se poutèt sa m ap di nou yon bagay jodi a mwen sèten sou li: Bondye p ap ban m pote okenn responsabilite si youn nan nou peri. M kapab di sa, paske mwen te anonse nou tout verite Bondye te vle m fè nou konnen, san m pa kache nou anyen. Veye kò nou, nou menm; epi veye sou tout pèp Sentespri Bondye a ban nou responsab la. Sentespri a ban nou responsabilite pou n pran swen legliz Bondye a tankou bèje pran swen twoupo, yon legliz Senyè a achte ak pwòp san li. M konnen apre m fin ale, ap gen moun k ap vin antre nan mitan nou pou kraze legliz la tankou chyen mawon fè twoupo mouton. Ap gen lòt menm k ap leve nan mitan nou epi k ap kòmanse anseye fo doktrin pou chache rale kèk disip Kris la dèyè yo. Kidonk, veye! Toujou sonje pandan twa zan m te nan mitan nou an, se avèk dlo nan je m te toujou ap avèti nou tout, lajounen kou lannuit. Kounye a, m ap remèt nou nan men Bondye epi m ap konfye nou mesaj konsènan gras Bondye a ki gen puisans pou fòtifye nou. Mesaj sa a kapab fè nou jwenn tout benediksyon Bondye bay tout moun ki apa pou li yo. Lè m te nan mitan nou, m pa t janm konn anvye ni lajan, ni lò, ni bèl rad pèsonn. Nou konnen trè byen se men sa yo nou wè la a ki te konn travay pou fè pwovizyon ni pou mwen, ni pou kòlèg mwen yo nan ministè a. M te toujou aprann nou pou n travay menm jan avè m epi pou ede moun ki nan bezwen. M te aprann nou pou n toujou sonje pawòl Senyè Jezi te di a: Gen plis benediksyon nan bay pase nan resevwa.” Lè Pòl fin di tout bagay sa yo, li met ajenou epi li menm ak lidè yo priye ansanm. Tout lidè yo te tonbe kriye. Yo bay Pòl akolad, epi yo bo l. Sa k te fè yo plis lapenn nan, se lè Pòl di yo p ap janm wè l ankò a. Apre sa, yo kondui Pòl rive jouk sou batiman an pou di l orevwa.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy