YouVersion Logo
Search Icon

Trav 19:21-41

Trav 19:21-41 VKF

Apre bagay sa a, Pòl fè plan pou l monte Jerizalèm. Li te planifye pou l pase pa Masedwàn ak Lakayi anvan l pati pou ale Jerizalèm. Li te menm di tèt li: “Apre m fin vizite Jerizalèm, fò m vizite lavil Wòm tou.” Pòl voye Timote ak Eras, de nan moun ki t ap ede l yo, ale Masedwàn, tandiske li menm li te rete pou yon ti tan ankò nan Lazi. Pandan tan sa a, te vin gen gwo latwoublay nan Efèz konsènan Chemen Kris la. Yon òfèv yo te rele Demetriyis te konn fè ti tanp an lajan sou menm modèl tanp yo te bati pou deyès yo te rele Atemis la. Demetriyis, ansanm ak bòs ki te konn travay ak li yo, yo te konn fè anpil lajan nan travay sa a. Demetriyis rasanble tout bòs ki te avè l yo ansanm ak tout lòt moun ki te gen menm metye òfèv la tou, li di yo: “Mesye, nou konnen se travay sa n ap fè a ki fè nou fè lajan, pa vre? Epoutan, nou wè ak je nou, nou tande ak zòrèy nou tou kijan nonm yo rele Pòl la ap fè kanpay kont nou. L ap ankouraje foul la pou yo chanje relijyon yo. Se pa sèlman nan Efèz, men se nan tout rejyon Lazi a nèt l ap mache di dye moun fè ak men yo se pa Bondye yo ye vre. Sa riske kraze repitasyon nou tout ki se òfèv, epi sa riske fè tanp Atemis la pèdi repitasyon l tou nan je pèp la. Menm Atemis, deyès tout moun nan Lazi ak tout moun ap adore a, ka rive pèdi repitasyon l tou.” Tande yo fin tande Demetriyis, tout òfèv yo te vin ankòlè, yo pran rele: “Atemis moun Efèz yo ap sèvi a se yon gran deyès.” Dezòd la te gaye nan tout vil la nèt. Apre yo fin mete men sou Gayis ansanm ak Aristak, ki se moun peyi Masedwàn ki te akonpanye Pòl nan vwayaj la. Pòl te vle parèt devan pèp la pou pale avèk yo, men kwayan yo te anpeche l fè sa, paske yo pa t dakò. Te gen kèk nan chèf Lazi yo ki te zanmi Pòl, yo voye moun vin pote mesaj bay Pòl pou di l tanpri pa vin nan teyat la ditou. Nan foul la menm, te gen enpe moun ki t ap lanse yon slogan bò isit, yon lòt gwoup menm ap lanse yon lòt slogan bò lòtbò. Sa te kreye yon konfizyon total nan foul la. Pi fò moun ki te la yo pa t menm konnen pou kisa yo te reyini. Kèk Jwif te chwazi yon nonm yo te rele Aleksann, epi ankouraje l pase devan, pou l pale ak foul la; se yo menm tou ki te di l sa pou l di. Aleksann fè yon siy ak men li, li te vle pran lapawòl pou pran defans Jwif yo devan foul la. Men, lè yo reyalize Aleksann se Jwif tou, yo tout tonbe fè bri; pandan dezèdtan, yo t ap rele byen fò: “Atemis moun Efèz yo se yon gran deyès.” Men, fin alman, sekretè lakomin nan te rive konvenk foul la pou yo fè silans. Li di yo: “Nou menm moun Efèz, ki moun ki pa konnen se lavil Efèz k ap veye sou tanp Atemis lan, gran nègès nou an, ansanm ak estati l la, yon wòch ki sot tonbe nan syèl la? Pa gen pèsonn ki ka di se pa vre. Enben, se pou n pran tèt nou. Pa gen rezon la pou n ap fè anyen nan tèt cho. Nou mennen mesye sa yo vin la a se vre, men yo pa vòlè anyen nan tanp yo, ni yo pa pale deyès nou an mal. Bò isit la, nou gen tribinal epi nou gen jij ki pou fè jijman. Si Demetryis ak ekip ouvriye l yo gen yon bagay kont yon moun, se pou yo pote plent nan tribinal. Apre sa, si nou gen lòt reklamasyon toujou nou vle fè, n ap tann lè gen yon asanble legal reyini pou nou regle sa. Mwen di sa paske nenpòt moun ki wè sa k pase jodi ta gen dwa akize nou kòm moun k ap fè mouvman kont gouvènman an. Paske pa gen okenn rezon vre pou tout dezòd sa a. Nou pa t ap ka bay okenn eksplikasyon pou rasanbleman sa a si yo ta mande nou.” Apre sekretè a fin pale konsa, li mande tout moun yo pou yo rantre lakay yo.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy