YouVersion Logo
Search Icon

Trav 15:22-41

Trav 15:22-41 VKF

Apot yo, lidè yo ansanm ak tout legliz la nan Jerizalèm te jije bon pou voye kèk moun pami yo ale Antyòch avèk Pòl ak Banabas. Konsa, yo chwazi Jid, yo te konn rele Basabas, ansanm ak Silas. Frè yo nan Jerizalèm te respekte de mesye sa yo anpil. Men lèt gwoup la te bay mesye yo pot ale a: Apot yo ansanm ak lidè yo, ki se frè nou nan lafwa, voye bonjou pou tout frè nou yo ki pa Jwif, k ap viv nan lavil Antyòch, nan peyi Siri ak nan Silisi. Nou aprann gen moun ki te soti bò isit la, yo ale lakay nou pou y al twouble nou. Pawòl moun sa yo pale yo boulvèse lespri nou. Nou vle nou konnen se pa nou menm ki te voye mesye sa yo al preche bagay konsa. Se sa k fè, nou tout dakò ansanm pou n chwazi kèk moun pami nou pou voye lakay nou. Y ap vini ansanm ak de frè byenneme nou yo, Banabas ak Pòl. De mesye sa yo ki gentan livre lavi yo pou yo sèvi Jezikris, Senyè nou an. Nou chwazi voye Jid ak Silas ak yo. Menm mesaj nou ekri voye ban nou an, mesye sa yo va di nou l nan bouch. Nou konprann se ve Sentespri a, epi se ve pa nou tou, pou nou pa mete okenn lòt fado sou do nou, eksepte sa k vrèman nesesè. Pa manje manje yo te ofri bay zidòl. Pa manje vyann bèt ki mouri toufe, osinon vyann ki atout san ladan l. Pa fè sèks ak yon moun ki pa madanm ou. Si nou evite fè mòd bagay sa yo, n ap fè byen. Gras Bondye avèk nou! Se konsa, Pòl, Banabas, Jid ansanm ak Silas kite Jerizalèm y ale Antyòch. Lè yo rive la, yo rasanble tout kwayan yo ansanm epi yo ba yo lèt la. Lè kwayan yo fin li lèt la, yo pa t manke kontan, paske yon lèt kon sa te ankouraje yo anpil. Jid ak Silas, ki te pwofèt tou, te pase bon tan ap preche kwayan yo pou rekonfòte yo ak pou fè lafwa yo vin pi solid. Jid ak Silas te rete Antyòch pou yon ti tan, epi yo pati. Kwayan yo te swete yo yo bon vwayaj, epi yo retounen al jwenn moun ki te voye yo a. Men Pòl ak Banabas te rete Antyòch. Yo menm ansanm ak anpil lòt te anseye kwayan yo epi yo preche anpil moun mesaj Bòn Nouvèl Senyè a. Kèk tan apre, Pòl di Banabas konsa: “M panse nou dwe retounen nan tout vil yo kote nou te preche moun yo mesaj Senyè a. Ann al wè kijan y ap boule.” Banabas te vle pou Jan, jenn nonm yo abitye rele Mak la, akonpanye yo nan vwayaj la. Men, Pòl pa t kwè se te yon bon lide pou yo mennen jenn nonm nan ak yo, paske dènye fwa a, misye te kite yo nan Panfili. Li pa t chwazi rete nèt ak yo jouk yo te fin fè travay la. Sa te lakoz yon gwo diskisyon leve ant Pòl ak Banabas. Bagay la te tèlman serye, mesye yo oblije separe. Banabas pati nan direksyon lil Chip ansanm ak Jan Mak. Pòl li menm chwazi Silas pou ale avè l. Apre kwayan yo fin priye pou mande Bondye akonpanye yo ak gras li, Pòl ak Silas pati. Yo vwayaje nan tout peyi Siri ak Silisi, yo t ap ede legliz yo vin pi solid.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy