YouVersion Logo
Search Icon

Trav 15:1-21

Trav 15:1-21 VKF

Kèk mesye te soti peyi Jide vin lavil Antyòch. Yo kòmanse anseye kwayan yo pawòl sa yo: “Si yon moun pa sikonsi jan lalwa Moyiz la mande l la, li pa kapab sove.” Pòl ak Banabas pa t dakò ak ansèyman mesye yo ditou. Sa te lakoz gwo diskisyon. Konsa, frè yo nan vil Antyòch deside voye Pòl ak Banabas, ansanm ak kèk lòt moun, ale Jerizalèm pou diskite kesyon an ansanm avèk apot yo ak lidè yo. Legliz la te ede yo prepare pou vwayaj la. Lè yo derape, yo pase Fenisi epi yo pase Samari. Nan tout kote sa yo, yo fè moun yo konnen kijan moun ki pa Jwif yo te tounen vin jwenn Bondye. Tout kwayan yo te kontan anpil lè yo tande nouvèl sa yo. Lè mesye yo rive Jerizalèm, ni apot yo, ni lidè yo ansanm ak tout legliz la nèt te byen resevwa yo. Apre sa, Pòl ak Banabas ansanm ak lòt frè yo, rakonte tout sa Bondye te pèmèt yo fè. Te gen kèk nan kwayan Jerizalèm yo ki te fè pati gwoup Farizyen yo. Kwayan sa yo leve kanpe, yo di: “Kwayan lòt nasyon yo fèt pou yo sikonsi. Fòk nou mande yo pou yo obsève lalwa Moyiz la.” Apot yo ak lidè yo menm te rasanble pou yo etidye kesyon an. Apre yo fin pase yon bon tan ap egzamine kesyon an, Pyè kanpe, li di yo: “Frè m yo, m konnen nou konnen byen kisa k te pase depi lontan. Nou konnen Bondye te chwazi m pami nou pou m anonse Bòn Nouvèl la bay moun ki pa Jwif yo. Se nan bouch mwen menm yo te tande Bòn Nouvèl la epi yo te kwè nan Bondye. Bondye konnen tout sa k nan kè moun, epi li menm li aksepte moun ki pa Jwif yo. Li montre nou li aksepte yo nan ba yo Sentespri a menm jan li te ban nou l lan. Pa gen okenn diferans ant nou menm ak moun ki pa Jwif yo devan Bondye, paske li pirifye kè yo lè yo mete konfyans yo nan Kris. Si se konsa, kounye a pou kisa nou vle mete sou do yo fado ni zansèt nou yo, ni nou menm pa ka pote a? Èske nou gen entansyon fè Bondye fache? Non, nou kwè se gras Senyè Jezi fè nou ki fè nou sove. Se menm jan an tou pou moun lòt nasyon yo.” Apre sa, tout gwoup la rete an silans epi Banabas ak Pòl rakonte yo tout mirak ak tout bèl bagay Bondye pèmèt yo fè nan mitan moun ki pa Jwif yo. Lè Banabas ak Pòl fin pale, Jak pran lapawòl, li di: “Frè m yo, koute m! Simon Pyè gentan di nou kijan Bondye te montre amou li anvè moun ki pa Jwif yo, depi lontan, pou l chwazi pami yo yon pèp ki pote non li. Pawòl pwofèt yo dakò ak sa m di a tou, paske men sa ki ekri: M ap gen pou m retounen apre sa. M ap rebati kay David la. Ki fin tonbe. M ap repare tout kote nan kay la ki kraze. M ap rekanpe kay la tou nèf ankò. Konsa, tout lòt moun yo nan lemonn, tout moun lòt nasyon mwen chwazi pou pote non m yo, yo va deside swiv chemen Bondye. Se Senyè a ki di sa. Se li menm tou ki fè tout bagay sa yo. Tout bagay sa yo, se bagay nou konnen depi byen lontan. Kidonk, m panse nou pa fèt pou n konplike bagay yo pou moun lòt nasyon yo, lè yo tounen vin jwenn Bondye. Okontrè, nou ta dwe voye yon lèt ba yo pou n senpman di yo kèk bagay yo bezwen evite, tankou: Pa manje manje yo te ofri bay zidòl. Manje sa yo pa pwòp. Pa fè sèks ak yon moun ki pa madanm ou. Pa manje vyann bèt ki mouri toufe osinon vyann ak tout san. Paske depi lontan gen moun k ap anseye lalwa Moyiz la nan tout vil yo. Chak jou saba, yo li lalwa a nan sinagòg yo.”

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy