YouVersion Logo
Search Icon

Trav 13:13-52

Trav 13:13-52 VKF

Pòl ak moun ki te avèk li yo pran batiman nan Pafòs pou ale nan vil Pèj, nan rejyon Panfili. Pandan yo nan Pèj, Jan Mak kite yo, li retounen Jerizalèm. Lè yo kite Pèj, yo kontinye vwayaje pou ale Antyòch ki nan Pisidi. Nan jou repo a, yo antre nan Sinagòg la epi yo chita. Apre yo fin li nan liv Lalwa Moyiz la ak nan liv pwofèt yo, lidè yo nan sinagòg la voye mande Pòl ak Banabas si yo ta gen yon bagay pou di pèp la pou ede l, yo ta mèt pran lapawòl. Pòl leve kanpe, li fè yon jès ak men l pou atire atansyon moun yo epi li di: “Nou menm pèp Izrayèl ak nou menm ki pa jwif, men k ap sèvi Bondye tou, fè yon ti koute m tanpri. Se Bondye pèp Izrayèl la ki te chwazi zansèt nou yo. Pandan yo t ap viv kòm etranje nan peyi Lejip, Bondye te fè yo vin anpil anpil. Apre sa, ak fòs ponyèt li, li fè yo soti kite peyi Lejip. Bondye te pran pasyans avèk yo pandan karant (40) an nan dezè a. Li detwi sèt nasyon nan tèritwa Kanaran an, epi l bay pèp li a tè yo kòm byen pa yo. Tout bagay sa yo te rive pandan 450 ane konsa. Apre sa, Bondye ba yo plizyè jij pou dirije yo jouk rive nan tan pwofèt Samyèl. Apre peryòd jij yo, pèp la vin mande pou yo gen yon wa, epi Bondye ba yo Sayil, pitit gason Kis la. Sayil te soti nan tribi Benjamen. Li te renye sou Izrayèl pandan karant (40) an. Apre Bondye te fin rejte Sayil, li bay pèp la David kòm wa. Men sa Bondye limenm te di konsènan David: Mwen jwenn David, pitit gason Izayi a, yon nonm ki nan gou m. Li va fè tout sa mwen vle l fè. Jan Bondye te pwomèt la, li voye Jezi, yon pitit pitit David, vin delivre pèp Izrayèl la. Anvan menm Jezi te vini, Janbatis te pwoklame yon mesaj pou fè pèp la konnen sa pou yo fè. Li di tout pèp Iszrayèl la pou yo batize pou yo ka montre yo vle chanje lavi yo toutbon vre. Lè Jan te prèske fini ak travay li te gen pou l akonpli a, li di pèp la: Ki moun nou panse m ye? Se pa mwen ki Mesi a, sila a nou tout ap tann nan. Li menm, l ap vin apre m. Mwen pa menm kalifye pou m ta delase lasèt sandal li. Frè m yo, nou menm pitit pitit Abraram, nou menm tou ki pa jwif, men ki gen krentif pou Bondye, Bondye voye fè nou konnen li vin delivre nou. Jwif ki nan Jerizalèm yo ansanm ak tout lidè yo pa t reyalize se Jezi ki Sovè a. Malgre yo t ap li pawòl pwofèt yo te pwoklame yo chak jou saba, yo pa t konprann anyen ladan yo. Lè yo kondane Jezi, yo fè pawòl pwofèt tounen verite a. Malgre yo pa t ka jwenn anyen ki pou ta fè Jezi merite lanmò, yo mande Pilat touye l kanmenm. Jwif sa yo te fè tout move bagay Bib la te di ki t ap rive Jezi. Apre sa yo desann Jezi sou kwa a, epi yo mete l nan tonbo. Men Bondye Papa a te resisite Jezi. Apre sa, pandan plizyè jou, moun ki te soti Galile pou monte Jerizalèm avèk Jezi yo te wè li; Kounye a, se yo menm k ap temwanye rezireksyon l devan pèp la. Nou menm, nou vin anonse nou Bòn Nouvèl konsènan pwomès Bondye te fè zansèt nou yo. Nou menm, nou se pitit pitit yo, epi Bondye fè pwomès la reyalize pou nou lè li fè Jezi leve soti vivan lanmò a. Anplis, men sa ki ekri tou nan Sòm 2 nan Bib la: Ou se pitit mwen. Depi jodi a, se mwen menm ki papa w. Bondye te resisite Jezi pou l pa t janm pouri ankò. Se sa k fè Bondye te di: M ap ba ou tout bon bagay mwen te pwomèt David yo. Nan yon lòt pasaj, li ekri ankò: Ou p ap kite moun ki apa pou ou a pouri anba tè. David li menm te fè volonte Bondye pandan tout lavi li. Apre sa, li mouri, yo antere l tankou tout zansèt li yo. Kò David pouri anba tè! Men, sila a Bondye resisite a, li pa pouri anba tè. Frè n yo, konprann byen sa n ap anonse nou an. Nou kapab jwenn padon pou peche nou yo nan Jezikris. Lalwa Moyiz la pa t ka delivre nou anba peche nou yo, men nou kapab jwenn padon pou peche nou epi ranje lavi nou avèk Bondye si sèlman nou kwè nan Jezi. Kidonk, se pou n pran prekosyon pou bagay pwofèt yo te di a pa rive nou: Gade non, nou menm ki gen dout nan kè nou, nou gen pou n sezi, epi n ap mouri met sou li; Paske pandan tan pa nou an la, m pral fè yon bagay nou p ap kwè. Nou pa t ap janm kwè l, menmsi moun ta rakonte nou li!” Lè Pòl ak Banabas ap vire pou y ale, moun yo mande yo pou yo retounen nan pwochen jou repo a pou kontinye pale avèk yo sou tout bagay sa yo. Apre reyinyon an nan Sinagòg la, anpil jwif ansanm ak moun lòt nasyon ki te vin konvèti nan relijyon Jwif yo te swiv Pòl ak Banabas. Pòl ak Banabas te sezi okazyon an pou ankouraje yo pou yo kontinye kenbe fèm nan gras Bondye a. Nan pwochen repo a, prèske tout moun nan lavil la te rasanble pou yo tande pawòl Senyè a. Lè Jwif yo wè tout moun sa yo te rasanble, yo vin gen anpil jalouzi nan kè yo. Yo tonbe ap demanti tout sa Pòl t ap di, epi yo tonbe joure. Men, Pòl ak Banabas pa t kraponnen, yo di: “Nou te gen pou n pwoklame Bòn Nouvèl Bondye a bay nou menm jwif yo anvan, men nou refize tande l. Sa vle di nou pa konsidere tèt nou kòm moun ki bon ase pou n gen lavi etènèl la. Kidonk, kounye a nou pral kòmanse preche moun lòt nasyon yo. Paske, men sa Senyè a menm te di nou: Mwen mete w pou sèvi yon limyè pou lòt nasyon yo, pou montre moun toupatou sou latè kijan pou yo sove.” Lè moun lòt nasyon yo tande Pòl di pawòl sa yo, sa te fè yo kontan anpil. Yo te tonbe fè lwanj pou Bòn Nouvèl Bondye a. Anpil nan yo te kwè, paske Bondye te gentan chwazi yo pou yo gen lavi etènèl la. Konsa, mesaj Bòn Nouvèl Bondye a te preche nan tout peyi a. Men, Jwif yo menm te monte tèt yon ekip gwo medam lavil la ki te konvèti nan relijyon yo a, ansanm ak lidè yo pou soulve yo kont Pòl ak Banabas. Yo tout te tonbe pèsekite Pòl ak Banabas epi yo chase yo mete deyò nan vil la. Konsa, Pòl ak Banabas souke pousyè pye yo sou moun yo, epi yo pati al nan vil Ikonyòm. Disip nan vil Antyòch yo menm te gen anpil kè kontan epi Sentespri a te ranpli yo.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy