YouVersion Logo
Search Icon

Trav 11

11
Pyè retounen Jerizalèm
1Apot yo ansanm ak kwayan nan Jide yo te pran nouvèl jan moun ki pa Jwif yo te aksepte Bòn Nouvèl Bondye a. 2Men, lè Pyè monte Jerizalèm, kèk nan kwayan Jwif#11:2 kwayan Jwif Literalman, “moun sikonsizyon yo”. Sa kapab vle di Jwif ki te panse tout disip Jezi yo te dwe sikonsi epi obeyi ak sa Lalwa Moyiz la te di. Gade nan Gal 2:12. yo tonbe kritike l. 3Yo di l: “Ou antre lakay yon bann moun ki pa sikonsi, epi ou menm manje ansanm ak yo tou!”
4Konsa, Pyè eksplike yo tout istwa a nèt an detay. Li di konsa: 5“Se nan lavil Jope mwen te ye, epi pandan m t ap lapriyè, mwen fè yon vizyon. Mwen wè yon bagay ki t ap desann vin jwenn mwen. Li te tankou yon gwo dra mare nan kat pwent ki t ap glise desann sot nan syèl la. Bagay la rive toupre m. 6Lè m gade ladan l, mwen wè tout kalite bèt kat pat, bèt sovaj, bèt ki trennen sou vant, ansanm ak zwazo. 7Epi m tande yon vwa ki di m: Pyè, leve! Touye epi manje!
8Men mwen reponn: M pa ka fè sa, Senyè. M pa janm manje anyen ki pa pwòp osinon ki pa kalite manje m gen dwa manje.
9Men, vwa a pale ankò nan syèl la li di: Bondye gentan fè bagay sa yo pwòp, pa di yo pa kalite manje ou gen dwa manje!
10Sa rive pandan twa fwa, apre sa bagay la tounen monte nan syèl la. 11Epi se kon sa vin gen twa mesye ki kanpe devan pòt kay kote m te fè ladesant lan. Yo te voye yo soti Sezare vin chache m. 12Sentespri a di m pou m ale avèk yo san m pa doute. Sis frè sa yo te ale avè m lakay Kònèy tou. 13Kònèy menm rakonte nou kijan l te wè yon anj kanpe devan l anndan lakay li. Zanj lan di l: Voye kèk moun ale Jope al chache Simon, sila a yo rele Pyè a. 14Pawòl Simon va di w yo ap ede w sove ansanm ak tout moun k ap viv lakay ou.
15Lè m te kòmanse pale, Sentespri a desann sou yo menm jan li te desann sou nou nan kòmansman an.#11:15 kòmansman an Jou Pannkot la ki nan Trav 2, lè Sentespri a te vini sou premye disip Jezi yo pou ba yo pouvwa pou yo kòmanse travay yo pou preche nan lemonn antye Bòn Nouvèl delivrans lan ki nan Jezi a. 16Epi m vin sonje pawòl Senyè a te di a: Jan batize moun nan dlo, men nou menm nou gen pou n resevwa batèm nan Sentespri a. 17Konsa, Bondye bay moun sa yo menm kado li te ban nou an lè nou te mete konfyans nou nan Jezikris. Ki lès mwen ye, pou m ta nan kenbe tèt ak Bondye?”
18Lè kwayan Jwif yo tande pawòl sa yo, yo sispann kritike Pyè epi yo fè lwanj pou Bondye. Yo di: Kidonk Bondye pèmèt menm moun ki pa sikonsi yo repanti pou yo ka gen lavi li bay la.
Bòn Nouvèl la rive Antyòch
19Kwayan yo te gaye toupatou poutèt pèsekisyon k te kòmanse, lè yo te touye Etyèn nan. Gen ladan yo ki te al jouk Fenisi, Chip ak Antyòch. Malgre sa, nan tout kote sa yo, yo t ap pwoklame mesaj la bay Jwif yo sèlman. 20Kèk nan kwayan sa yo ki te moun Chip ak Sirèn te ale Antyòch. Lè yo rive la, yo preche moun ki pa Jwif yo#11:20 moun ki pa Jwif yo Literalman, “Elenis yo”, ki vle di moun kilti ak koutim Grèk yo te enfliyanse. Kèk kopi nan lang Grèk rele yo “Grèk” kareman. Bòn nouvèl Jezikris la. 21Pouvwa Bondye te akonpanye mesye yo. Konsa, anpil nan moun sa yo te kwè epi yo te deside swiv Senyè a.
22Lè nouvèl la tonbe nan zòrèy moun yo nan legliz Jerizalèm, yo voye Banabas ale Antyòch. 23Lè Banabas rive Antyòch, li te wè kijan Bondye t ap beni kwayan yo. Sa te fè l kontan anpil. Li ankouraje yo tout pou yo kenbe fèm epi sèvi Senyè a ak tout kè yo. 24Banabas sa a, se te yon bon moun. Li te gen anpil lafwa epi l te toujou anba pouvwa Sentespri a. Epi anpil lòt moun te vin disip Senyè a.
25Apre sa, Banabas ale lavil Tas, l al chache Sòl. 26Lè l jwenn li, li mennen l vin Antyòch. Banabas ak Sòl pase yon ane ansanm nan legliz la. Yo te toujou reyini ak legliz la epi yo te anseye anpil moun. Se nan Antyòch yo te premye rele disip yo kretyen.
27Nan lè sa a tou, kèk pwofèt te soti Jerizalèm vini Antyòch. 28Youn ladan yo ki te rele Agabis leve kanpe. Pouvwa Sentespri a pèmèt li anonse t apral gen yon gwo grangou sou tout latè. (Gwo grangou sa a te rive vre nan epòk lè Klod te anperè). 29Konsa, kwayan nan legliz Antyòch yo te deside chak moun t ap bay sa yo kapab pou ede frè ak sè nan Kris yo ki t ap viv nan rejyon Jide a. 30Yo ranmase don an epi yo konfye Banabas ak Sòl li pou pote bay lidè fanmi yo nan Jide.

Currently Selected:

Trav 11: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy