YouVersion Logo
Search Icon

Trav 10:25-48

Trav 10:25-48 VKF

Parèt Pyè parèt nan pòt la, Kònèy al rankontre l. Li jete kò l ajenou nan pye Pyè pou l adore l. Men, Pyè fè l leve. Li di l: “Leve! Se yon senp moun mwen ye.” Pyè kontinye pale ak Kònèy. Apre sa li antre nan kay la epi li wè yon bann moun te rasanble. Pyè di yo: “Nou konnen li kont lalwa pou yon Jwif ni asosye l ak moun ki pa Jwif ni antre lakay yo. Men, Bondye fè m konprann mwen pa gen dwa gade pèsonn kòm moun ki enpi osinon kòm moun ki pa nan kondisyon pou l sèvi Bondye. Se poutèt sa, lè ou voye chache m, mwen vini san m pa ezite. Kounye a, mwen ta vle konnen poukisa ou te voye chache m.” Lè sa a, Kònèy di: “Sa fè kat jou, m t ap priye lakay mwen, nan menm lè sa a, twazè apremidi. Sanzatann konsa, mwen wè yon nonm ak yon rad byen klere sou li kanpe devan m. Li di m: Kònèy, Bondye tande priyè w. Li wè tout byen ou fè pou pòv yo tou. Li sonje w ak tout sa w fè. Voye kèk moun nan lavil Jope al chache Simon yo rele Pyè a. Li fè ladesant lakay yon lòt Simon, yon bòs tanè ki gen kay li bò lanmè a. Menm kote a, mwen voye chache w. Li byen bon ou vini. Kounye a, men nou tout la devan Bondye. Nou pare pou n koute tout sa Senyè a pase w lòd di nou.” Pyè pran lapawòl, li di: “Kounye a mwen wè toutbon vre, Bondye pa gade pèsonn pou pi bon pase lòt moun. Li aksepte tout moun ki gen krentif pou li epi ki fè sa ki dwat, nan kèlkeswa nasyon yo soti. Bondye te pale ak pèp Izrayèl la. Li fè yo konnen Bòn Nouvèl la ki di lapè a vini nan Jezikris. Jezikris sa a se Senyè sou tout moun. Nou konnen kisa k te rive nan tout rejyon Jide a. Bagay sa yo te kòmanse nan Galile apre Jan te fin preche batèm repantans lan. Anplis, nou konnen kijan Bondye te mete Sentespri li ak puisans li sou Jezi, moun Nazarèt la. Jezi te mache nan tout peyi a, li t ap fè byen pou moun yo, li t ap geri tout moun ki te anba pouvwa Satan, paske Bondye te avèk li. Nou te temwen tout sa Jezi te fè nan tout rejyon Jide a ak nan Jerizalèm. Malgre sa, yo touye l epi yo mete l sou yon kwa ki fèt an bwa. Sou twa jou, Bondye resisite l epi li fè moun wè l vivan ankò. Se pa tout moun nan pèp Jwif la ki te wè li, men nou menm Bondye te chwazi pou rann temwanyaj la, nou manje ak li, nou bwè ak li apre l te fin resisite a. Li ban nou lòd pou n al anonse Bòn Nouvèl la bay pèp la; pou n al fè konnen se Jezi menm Bondye chwazi pou jije moun ki vivan yo ak moun ki mouri yo. Tout pwofèt yo te gentan pwofetize pawòl sa a konsènan Jezi: Nenpòt moun ki mete konfyans li nan Jezi ap resevwa padon pou peche l yo, grenmesi puisans non Kris la.” Pyè t ap pale toujou lè Sentespri a desann sou tout moun ki t ap tande l yo. Kwayan Jwif ki te soti Jope ansanm ak Pyè yo te sezi wè don Sentespri a desann sou moun ki pa Jwif yo tou. Paske yo te tande moun yo ap pale divès lang epi yo t ap fè lwanj pou Bondye. Lè sa a Pyè di: “Kilès ki ka anpeche moun sa yo batize nan dlo, poutèt yo resevwa Sentespri a menm jan avèk nou?” Epi Pyè bay lòd batize yo nan non Jezikris. Apre sa, yo mande Pyè pou l rete pase kèk jou avèk yo.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy