YouVersion Logo
Search Icon

Trav 1:1-11

Trav 1:1-11 VKF

Chè Teyofil, nan premye liv mwen te ekri a, mwen te rakonte tout sa Jezi te fè ak tout sa li te anseye pèp la, depi okòmansman, jouk rive nan jou li te retounen monte nan syèl la. Li bay moun li te chwazi kòm apot yo yon seri enstriksyon anba pouvwa Sentespri a, anvan l te monte nan syèl. Li te parèt byen vivan devan moun li te chwazi yo apre l te fin mouri. Pandan karant (40) jou, li te ba yo anpil prèv pou montre li vivan toutbonvre epi li te di yo anpil bagay konsènan Wayòm Bondye a tou. Pandan Jezi t ap manje avèk apot yo, li pase yo lòd pou yo pa kite Jerizalèm, jouktan yo resevwa kado Papa a te pwomèt yo a. Jezi li menm te gentan pale yo de kado sa a, kèk tan anvan. Janbatis te batize moun nan dlo, men nou menm, n ap gen pou n resevwa batèm nan Sentespri a nan kèk jou ankò. Tout apot yo te reyini ansanm, yo t ap poze Jezi kesyon. Yo mande li: “Mèt, èske se kounye a ou pral mete wayòm Izrayèl la sou pye l ankò?” Men, Jezi reponn yo: “Afè tan ak moman Bondye fikse ak pwòp otorite li, se pa bagay ki regade nou epi se pa bagay nou bezwen konnen nonplis. Men lè Sentespri a va vini sou nou, l ap ban nou puisans. Lè sa a, n a rann temwanyaj de mwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide a, nan Samari rive jouk nan dènye bout latè.” Apre Jezi fin di pawòl sa yo, li monte nan syèl. Pandan disip yo t ap gade l ki prale konsa, yon nyaj bare li. Konsa yo vin pa t ka wè l ankò. Disip yo ap founi je gade nan syèl la, nan direksyon kote Jezi monte a. Lamenm yo wè de moun abiye tou de blan parèt kote yo. Epi yo di yo: “Nou menm moun Galile yo, poukisa n ap founi je gade nan syèl la konsa? Jezi sa a nou wè ki kite nou li monte nan syèl la, li gen pou l retounen menm jan nou wè l monte a.”

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy