Donk, si yon moun fè yon sèl ak Kris la, li tounen yon lòt moun. Bagay lontan yo pase, kounye a tout bagay vini nouvo! Tout sa soti nan Bondye: Li rekonsilye nou ak li menm pa mwayen Kris la. Li ba nou travay pou fè lòt moun vin rekonsilye avè l. Wi, se Bondye li menm ki rekonsilye lemonn avèk limenm pa mwayen Kris la. Nan Kris la, Bondye pase yon trè sou peche nou yo. Apre sa li ba nou mesaj rekonsilyasyon an. Konsa, nou se anbasadè Kris la. Bondye sèvi ak nou pou l rele lòt moun. Se nan non Kris la nou pale, n ap chache konvenk moun pou yo retounen byen ak Bondye ankò. Kris la pa t janm fè peche, men Bondye te fè l vin tounen peche poutèt nou menm. Konsa, kounye a, pa mwayen Kris la, Bondye deklare nou inosan.
Read 2 Kor 5
Share
Compare All Versions: 2 Kor 5:17-21
Save verses, read offline, watch teaching clips, and more!
YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy
Home
Bible
Plans
Videos