Nou konnen kò nou, tankou yon tant kote n ap viv sou latè, li gen pou l detwi. Men lè sa rive, Bondye gen yon kay k ap tann nou nan syèl la. Se pa menm kalite kay ak sa lèzòm bati isit sou latè. Se yon kay ki nan syèl la, k ap dire pou tout tan. Konsa, pandan nou nan tant sa a, n ap soupire. Dezi kè nou se pou nou al abite nan kay nou ki nan syèl la. Nouvo kò a ap tankou yon rad nèf nou mete sou nou. Konsa nou p ap toutouni. Pandan n ap viv nan tant sa a, nou gen gwo fado epi se plenn n ap plenn. Sa pa vle di nou vle retire tant sa a voye jete, men nou ta vle mete rad abitasyon selès la sou tant sa a. Lè sa a, kò sa a k ap mouri a pral vin kouvri ak lavi. Se Bondye li menm ki prepare tout sa pou nou. Li ban nou Sentespri a se tankou yon avalwa sou sa nou gen pou resevwa pita. Konsa, nou kapab toujou gen konfyans, menm si nou konnen pandan n ap viv nan kò sa a, nou pako nan prezans Senyè a. Nou viv lavi nou dapre sa nou kwè, men se pa dapre sa nou kapab wè. Wi, mwen di nou gen konfyans. Anverite, m ta prefere kite kò sa a epi ale lakay mwen ak Senyè a. Objektif nou, se pou nou toujou fè Bondye plezi kit n ap viv isit nan kò sa kit nou parèt nan prezans li. Nou tout gen pou parèt devan tribinal Kris la. Chak moun gen pou resevwa rekonpans pa yo selon aksyon te komèt, swa byen swa mal, jan yo t ap viv pandan yo te nan kò sa a.
Read 2 Kor 5
Share
Compare All Versions: 2 Kor 5:1-10
Save verses, read offline, watch teaching clips, and more!
YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy
Home
Bible
Plans
Videos